Viv Yon Leta Demokratik Popilè!
https://www.youtube.com/watch?v=zUJalSVxYZI
Nan diferan ribrik Ayiti Koupe Fache yo, nou toujou montre nou sipòte lit otonòm klas domine esplwate yo ki fòme kan pèp la: ouvriye, peyizan ak travayè. Epi nou toujou montre nou apiye lit klas sa yo pou dechouke leta klas dominan reyakysonè yo pou tabli yon lòt kalite leta ki rele mas popilè yo chèmèt chèmetrès. Sètadi, mete kanpe yon nouvo leta sou kontwòl epi osèvis klas domine esplwate yo. Nou toujou montre leta pouri aktyèl la pa ka refòme, se chodyè a ki pou chavire pou fonde yon lòt leta tounèf. Epi nou toujou montre nouvo leta sa a ta dwe yon leta demokratik popilè. Setadi, yon leta kote klas domine esplwate yo, ki se grann majorite popilasyon peyi a, ap chwazi demokratikman politik k ap dirije peyi a, selon enterè fondamantal yo.
Men nou poko janm rete sou kisa yon leta demokratik popilè ye nan reyalite monn lan jounen jodi a. Se kesyon sa a nou ta renmen reponn nan ribrik sa a, nan limit jan nou ka konsevwa yon fenomèn ki ap tou nouvo nan listwa peyi nou.
Lan sitiyasyon nou ye jounen jodi a, batay sa a pap fasil. Leta neyokolonyal depandan meriken te mete sou pye depi lan okipasyon militè 1915-1934 la fin depafini, dekonstonbre, li kraze. Okenn lan enstitisyon Leta pa fonksyonèl ankò. Dirijan gouvènman an ak sak rete lan Leta a se yon kolòn volò, souflantchou k ap piye aklè kès piblik lan pandan yo ajenou devan kolon enperyalis yo. De 1804 a jounen jodi a, pouvwa politik la se òganizasyon politik klas dominan reyaksyonè yo ki vle di boujwa ak grandon yo, e apati 1915 ki sou dominasyon ak titèl enperyalis meriken.
Lan kad sa a, lit pou revandikasyon yo bloke. Kòm Leta neyokolonyal sa a an fayit total, kraze, okenn nan revandikasyon nou yo pa ka pase.
Se poutèt sa jounen jodi a, lit òganizasyon otonòm nan nivo politik ak ideyolojik enpòtan anpil. Lit ki lonje dwèt sou gouvènman kowonpi-souflanchou an, lit pou fè konprann pouvwa a paka regle anyen, lit pou montre wòl enperyalis la lan sityasyon peyi a, lit pou montre nesesite pou konstwi yon lòt Leta enpòtan anpil tou.
Nou pa gen linèt majik, nou pa ka wè nan lavni kijan listwa pral dewoule. Men nou ka pwopoze sèten lide ki, pou nou menm nan Ayiti Koupe Fache, ta ka kontribye nan pami moun kap reflechi sou kouman konstwi yon demen miyò pou Ayiti.
Ann gade 2 kalite konsiderasyon:
1- Revandikasyon klas domine esplwate yo ki nan kan pèp la. Se revandikasyon sa yo ki ta dwe sèvi kòm ajennda politik yon leta demokratik popilè.
2- Kouman klas nan mas popilè yo ka rive tabli yon leta demokratik polilè.
Kaye revandikayson kan pèp la:
Sa nou rele kan pèp la se ansanm klas k ap sibi dominasyon ak eksplwatasyon anba klas k ap toupizi nou. Se ansanm klas sa yo ki gen enterè met ansanm pou chavire dominasyon klas k ap esplwate, domine epi reprime noumenm mas popilè yo.
Malgre gen diferan klas nan kan pèp la ki chak gen revandikasyon pa yo, tout klas domine esplwate yo se alye nan goumen pou jwenn bout mayi mi paske se nan tèt ansanm nou jwenn fòs nou.
Nan pami pi gwo revandikasyon yo, nou ka siyale:
- Bonjan travay, bonjan salè ak bonjan kondisyon travay pou tout travayè ak tout moun k ap chèche travay
- Refòm agrè okonplè pou tout tipeyizan jwenn bon kalite tè pou travay, bonjan irigasyon ak akonpayman
teknik
- Bonjan sekirite ak jistis sosyal, fini ak laterè gang yo, fini ak ensekirite pwograme a ak teritwa pèdi a
- Jistis pou tout viktim vyolans ak laterè yo
- Bonjan kondisyon lavi: manje, dlo pou bwè, kouran, kondisyon sanitè…
- Bonjan lekòl piblik gratis
- Bonjan sèvis lasante
- Bonjan lojman sosyal
- Bonjan wout, asenisman ak amenajman tout kominote yo
- Bonjan sèvis asirans sosyal
- Pwoteksyon pwodiksyon nasyonal la ak pwomosyon antrepriz kolektif
- Rebwazman ak pwoteksyson anviwonman an
Jounen jodi a, pa gen okenn nan revandikasyon sa yo ni leta aktyèl la ni okenn politisyen k ap kouri dèyè pouvwa ka satisfè.
Kouman klas nan mas popilè yo ka rive tabli yon Leta Demokratik Popilè:
Menm lè nou pa ka predi listwa, nou dwe klè gen yon seri kesyon ki pa regle nan zanmitay. Kesyon pouvwa se youn ladann. Li dwe klè kesyon pouvwa a se rezilta yon batay twoke kòn. Pou kan pèp la pran pouvwa a, fòk li gonfle fòs li ak bonjan òganizasyon politik ki rele l chèmèt chèmetrès, jouktan se kan pèp la ki vin pi fò.
Batay la se pou nou jwenn satisfaksyon platfòm lit nou. Nou pap mache dèyè lidè, se kan pèp la ki dwe opouvwa.
Konstwi Kan Pèp la mande pou nou devlope bon jan òganizasyon politik otonòm ki chita sou revandikasyon fondamantal ki nan Platfòm Lit nou : yon salè vital kòm minimòm ki pèmèt travayè viv kòmsadwa, ki pèmèt bonjan kondisyon travay lan respè ak diyite, bonjan refòm agrè nan kanpay yo, inifikasyon tout teritwa a, konstwi bon jan lekòl ak lopital, elatriye. Sa mande tou pou nou mete sou pye òganizasyon politik otonòm k ap devlope yon pratik militan ak pwogram sosyo ekonomik ak politik pou mete kanpe nouvo leta a. Se Konstriksyon Alyans Demokratik Òganizasyon Otonòm yo ki pral bay Nouvo Leta Demokratik Popilè a ak Travayè Kòm Potomitan onivo Nasyonal.
Viv yon Leta demokratik popilè, endepandan ak travayè kòm potomitan osèvis Kan Pèp la !