SA NOU PA VLE AK SA NOU VLE NAN PEYI NOU!

1 view
Skip to first unread message

kawona...@aol.com

unread,
Jun 23, 2024, 7:53:06 PM (11 days ago) Jun 23
to Kawonabo1500 via Tout-Haiti, haitian...@groups.io, Kawonabo1500 via KAWONABO1500

SA NOU PA VLE 

AK SA NOU VLE NAN PEYI NOU!

 

JEN 2024

 

TOUT SA NOU PA VLE NAN PEYI A - NOU BOUKE!

 

Nou pa vle mizè.

 

Nou pa vle  grangou.

 

Nou pa vle chomaj.

 

Nou pa vle salè mizè, salè pwatrinè, salè tibèkiloz.

 

Nou pa vle  lavichè.

 

Nou pa vle bandi/gang ame asasen kriminèl nan peyi a.

 

Nou pa vle  ensekirite.

 

Nou pa vle masak.

 

Nou pa vle enpinite nan peyi a.

 

Nou pa vle boujwazi.

 

Nou pa vle grandon.

 

Nou pa vle politisyen.

 

Nou pa vle koripsyon.

 

Nou pa vle  leta pouriti.

 

Nou pa vle Granmanjè nan leta.

Nou pa vle ni reyaksyonè, ni trèt nan mitan nou.

 

Nou pa vle represyon.

 

Nou pa vle opresyon, dominasyon ak eksplwatasyon.

 

Nou pa vle dominasyon peyi kolon enperyalis yo sou Ayiti.

 

Nou pa vle fatra toupatou.

 

Nou pa vle Labou toupatou.

 

Nou pa vle katastwòf ak dezas klimatik ak anviwonmantal.

 

 

Ann leve kanpe kont tout sa yo nou pa vle nan peyi a.

 

Ann òganize tèt nou pou nou Batay pou tout sa nou vle nan peyi a: Nap Goumen!

 

Nou vle  bonjan Travay nan tout peyi a.

 

Nou vle  bonjan salè vivab sou baz bonjan kondisyon travay nan peyi a.

 

Nou vle plizyè priz kanal dlo ak akonpayman teknik pou awoze, irige jaden nou.

 

Nou vle  yon sistèm edikasyon piblik kalite nan peyi a.

 

Nou vle  bonjan lekòl piblik kalite, bonjan lise, bonjan lekòl pwofesyonèl ak bonjan inivèsite gratis nan tout peyi a.

 

Nou vle  Sante Piblik Inivèsèl Kalite nan peyi a.

 

Nou vle  bon Sant Sante, bon Lopital Referans nan tout peyi a.

 

Nou vle Batistè kòm sitwayen peyi a.

 

Nou vle  bonjan lojman sosyal nan tout peyi a.

 

Nou vle  elektrisite/limyè 24 sou 24  ak 7 sou 7 nan tout peyi a.

 

Nou vle dlo potab nan tout peyi a.

 

Nou vle  pwòpte nan peyi a.

 

Nou vle  bon anviwonman nan tout peyi a.

 

Nou vle  fòs sekirite a diferan nivo osèvis enterè Kan Pèp la.

 

Nou vle  pwodiksyon agrikòl nasyonal pou nou ka manje.

 

Nou vle  rapò pwodiksyon kolektif nan tout pwodiksyon nan peyi a.

 

Nou vle Jistis Sosyal nan peyi a.

 

Nou vle Moun Konsyan yon fason dominan pran responsabilite yo nan peyi a ak andeyò peyi a.

 

Nou vle konstwi, devlope ak fòme militan konsyan nan tout peyi a.

 

Nou vle konstwi Òganizasyon otonòm Kan Pèp la ak Travayè yo kòm Potomitan.

 

Nou vle konstwi Demokrasi Total Kan Pèp la onivo ekonomik, politik ak kiltirèl.

 

Nou vle konstwi bonjan lyezon Kan Pèp Ayiti ak Travayè Emigre Dyaspora nan respè youn pou lòt.

 

Nou vle  bonjan Transpò piblik nan tout peyi a.

 

Nou vle  tout peyi a relye ak bonjan wout toupatou.

 

Nou vle unifye Vil ak Kanpay nan tout peyi a.

 

Nou vle Restorasyon tout Sit Istorik Peyi a.

 

Nou vle rebwazman ak reforestaron peyi a.

 

Nou vle devlopman dirab Ayiti nan enterè Kan Pèp la.

 

Nou vle  yon leta ki osèvis enterè fondamantal Kan Pèp la.

 

Nou vle  yon Ayiti Lib, Endepandan, Souvren ak Pwospè nan enterè Kan Pèp la.

 

Tout sa nou di nou vle  la yo, se Kan Pèp la, si li rive òganize, ki kapab fè yo reyalize. Anfèt, diferan òganizasyon de baz gen dwa chwazi omwen youn nan sa nou vle yo kòm bousòl yo. 

 

Oubyen  nou gen dwa konstwi òganizasyon de baz otou de youn nan sa nou vle yo kòm bousòl. Epi apre, nou ka federe tout Òganizasyon de baz ki gen menm bousòl la. 

 

Enben, ann òganize nou nan lit otonòm nou yo epi konstwi pwòp leta nou pou nou kapab fè kolektivman tout bagay nou vle yo, tounen yon reyalite toutbon. Grenadye Alaso!

 

 

 

 

 
Reply all
Reply to author
Forward
0 new messages