Serge,
Nou espere ke ou oue nan ki katchouboumbe ou pran.
Sa pe Eden Debas Tout-Haiti ke tout moun konnen-a
Ki voye mesaj sa-a.
Eden Debas Tout-Haiti, ce yon lot adres elektronik li genyen,
Epi, se Nouyok li ye.
Sa-a, se yon Eden Debas ki a pe manje an Ayiti
Sa se yon fanatik Laurent Lamothe ki veske,
Epi li tounen kazak li kont Martelly yo.
Si ou kwe se manti, gade ki sou ki fowom moun sa-a pase.
Se sou Debanasyonal avec 5R. Si ou pa recevwa mesaj gwoup sa yo, ou pa pe jwen mesaj bizango sa yo.
Ou konnen pou ki moun sa a pe voye Olivier Martelly desann konsa?
Paske bri kouri ke nan denye rankont ki te fet ant gwoup Lamothe avek gwoup Martelly avan demisyon Lamothe,
Bagay yo te telman chofe, ke Olivier Martelly te vole sou Lamothe, ki la ta menm flanke yon souflet.
Pou souflet, nou pa konsa,
Men Zanmitaye Lamothe avek Martelly pa la anko.
Moun Martelly yo di ke se gwoup Lamothe la ki mete yon seri de vye koze moun Martelly yo deho.
Moun Lamothe yo panse ke moun Martelly yo se yon seri de volo san prensip, se sa ki fe ke pwoje lamot yo kampe.
Serge, nou pa panse ke ou se yon gason ki pa onet,
Men nou panse ke ou kanpe nan mitan yon bann zobop,
Epi ou pa konprann sa.
Kesyon-a, se pa pou ki es ou ye nan jwet-la,
Men, eske jwet la a pe byen jwe, eske reg yo respekte.
Si ou a pe danse nan mitan zobop epi ou pa konnen,
Se lo jou bare ou, ou a pe oue ke sou pou kont ou
Ki avek inifom zobop la sou ou gwo jounnen sou pla piblik.
Se sa ki te rive ampil ti milisyen nan lane 1986
Kembe-la.
L. Sept