Fwd: [Nouvel article] L’armée lance un important recrutement pour des soldats et des cadres professionnels

2 views
Skip to first unread message

kawona...@aol.com

unread,
Oct 31, 2018, 11:37:22 PM10/31/18
to tout-...@googlegroups.com
Tout konbatan popilè sou teren an dwe pran ak de apèl ijan a rekritman nan nouvo “lame” makout la nan moman Pèp Ayisyen an mobilize nan tout peyi a pou mande kont sou gagotaj $3.8 milya dola vèt fon petwokaribe yo.

Se yon moman tou eskadwon lanmò anndan e oubyen atache a PNH la ap simen dèy nan mitan popilasyon an sou direksyon gouvènman Jovenel Moise/Jean-Henry Ceant an.

Kidonk, li evidan e klè kou dlo kòk tantativ kap fèt pou vin gonfle “lame makout” la se pou vin kraze mobilizasyon Pèp Ayisyen an jounen jodi a.

Otorite politik ak ekonomik yo kreye yon sitiyasyon mizè nan peyi a tèl ki fè anpil jenn kap bijo reponn a apèl sanginè, kriminèl, ak asasen yo pou entegre lame kraze zo a pou sove yon moso pen kotidyen.

Sepandan, pinga pèsonn ki rantre nan “lame makout” la vin di nou se pou defann ni peyi, ni pèp. SE MANTI! Se yon ti gwoup volò, ganstè ak mafya lame sa a pral defann, pwen bar!

Si nou mete KONSYANS nou anvan VANT nou, mefye nou de apèl a vin ranfòse kò lame makout sa a ke kriminèl yo ap eseye monte la a kont peyi a ak kont Pèp Ayisyen an nan peyi d Ayiti.

Kanmarad Kawonabo

-----Original Message-----
From: Rezo Nòdwès <donot...@wordpress.com>
Sent: Wed, Oct 31, 2018 6:01 pm
Subject: [Nouvel article] L’armée lance un important recrutement pour des soldats et des cadres professionnels


Rezo Nodwes a publié :"Avis de recrutement de cadres professionnels et d'une classe de soldats pour l'armée d'Haïti (adsbygoogle = window.adsbygoogle || []).push({}); Mercredi 31 octobre 2018 ((rezonodwes.com))-- Dans deux notes de presse distinctes, le Haut Command"

Nouvel article sur Rezo Nòdwès

L’armée lance un important recrutement pour des soldats et des cadres professionnels

par Rezo Nodwes
Avis de recrutement de cadres professionnels et d'une classe de soldats pour l'armée d'Haïti
Mercredi 31 octobre 2018 ((rezonodwes.com))-- Dans deux notes de presse distinctes, le Haut Commandement des Forces Armées d’Haïti a avisé le public en général et les intéressés en particulier qu’un registre d’inscription est ouvert aux jeunes des deux sexes des dix (10) départements géographiques.
Ceux qui sont intéressés au recrutement d'une classe de soldats seront reçus de 9:00 à 15:00, du lundi 12 au vendredi 16 novembre 2018.
Pour les cadres professionnels, les intéressés sont invités à déposer leur dossier le jeudi 15 ou le vendredi 16 novembre 2018 entre 9:00 et 15:00 à la Base Militaire de Léogâne.
Le Haut Commandement des Forces Armées d’Haïti a précisé qu'un concours sera organisé,  dans le cadre du renforcement des capacités opérationnelles de l’institution militaire, à l’intention des professionnels suivants : médecins, ingénieurs civils, ingénieurs architectes, ingénieurs informaticiens, ingénieurs électriques et électroniques et ingénieurs agronomes.


Serge Pierre-Pierre

unread,
Nov 1, 2018, 9:33:18 AM11/1/18
to tout-...@googlegroups.com, Echo Dhaiti, Haiti-nation, vin...@yahoogroupes.fr, Reseau Citadelle - Cyrus Sibert, haiti...@ymail.com, yahoogroups, Forum Culturel, Yahoogroups, Haitian Advocacy, Yahoogroups, Pierre Pean, Laurent Pierre-Philippe, Luckner Bayas, Bernier Lauredan Sr., Joseph Alfred, Victor Eugene, Kerlens Tilus, D'HAÏTI Edwin, Hans Roy, Lionel Jean-Baptiste, Jean Mathurin, Willy Pompilus, Lionel Baptiste, Edline Augustin, Pierre Pean, kawona...@aol.com, Joseph N. Pierre, Zili Danto, Luckner Bayas, Edline Augustin, Eddy D. Lahens, Jacques Bingue, Dore Guichard, Victor Eugene, Joel Lorquet' via HaitiNation, Jean-Marie Leroy, Hughes St Fort
Le 1er novembre 2018

Allo Kawonabo,

Kouman w ye?  Byen mespere.

W ak Willy P. se frè m ak konbatan parey mwen. Mwen ta renmen lòt moun, kandida Péan ak lòt enterese di yon ti kichoy sou zafè lame sa a an Ayiti.

Pi gwo pwoblèm mwen, SPP, se lè Titid vinn gate mas pèp ayisyen an - ki te deja anachis, iyoran, lan grangou - e mete zafè dechoukay ak fè vyolans ak dezòd lan tèt yo pou ti krik ti krak.

SI POUN FÈ DESANTRALIZASYON, FÒK AYITI GANYEN:

1) YON FÒS AME POU DEFANN NOU KONT PRETANSYON REPIBLIK DOMINIKANI AK DEFANN FWONTYÈ NOU YO ;
2) YON FÒS POU KRAZE TOUT VAKABON, TOUT TEWORIS, TOUT VÒLÒ KI ANPECHE SITWAYEN, SITWAYÈNN PAYI DAYITI FÈ BIZNIS, FÈ LAGRIKILTI AK LÒT TI DYÒB POU YO DEGAJE TÈT YO;
3) PWOTEJE WOUT KONT MOVE CHOFÈ MÒDÈ FÒKÈ KI SAN RESPÈ POU LA VI IMÈNN;
4)POU PWOTEJE TOUT REPIBLIK LA TOUT TAN ;
5) PWOTEJE PLAS PIBLIK, MONIMAN ISTORIK, PAK FORESTYE TANKOU MAKAYA, FORÈ DÈ PINS, EVAKYE SÈTEN PWEN ESTRATEJIK KAP PWOTEJE SÈTEN ZÒNN METWOPOLITÈN, KONT ESKWATÈ ;
6) PWOTEJE TEREN, KAYE AK PWOPRIYETE SITWAYEN AK LETA ;
7) PWOTEJE BILDINN, FAKTORI, OFIS PRIVE AK OFIS LETA ;
8) POU PWOTEJE PLAJ PIBLIK ; BÒ LANMÈ POU NOU DEVLOPE TOURIS A OUTRANS ;
9) ELATRIYE.

AVÈK CHAY VAKABON, ANACHIS, SAN MANMAN, SAN ZAVE KI FINN PRAN PAYI DAYITI DEPI APRE PASAY TITID, MAS PÈP PAYI DAYITI FIN GATE, POURI, SAN KONTWÒL E AYITI BENZWEN YON FÒS DYANM POU KORESPONN AK YO.

Oui, Une Force Armée ou de Sécurité ou une Gendarmerie Nationale :

EST DEMEURE UNE NÉCESSITÉ IMPÉRIEUSE POUR L'AVENIR DE LA RÉPUBLIQUE D'HAITI AUJOURD'HUI, PAR CES TEMPS QUI COURRENT!!!!!!!!!!!

L'ÉTAT A DROIT ET EST LA SEULE INSTITUTION A CONTROLER LÉGALEMENT LA FORCE DE REPRESSION PARTOUT, SI JE NE ME TROMPE. 

PAS LES MOISE, LES SIMON ET AUTRES ANARQUES ET POLITICIENS VEREUX CRÉÉS ET CHARRIÉS PAR LA DEBACLE DE 1986 QUI NOUS A VALU UNE CAVALCADE DE RANYONS DE TOUTES SORTES ÉMANANT DE TOUS LES TROUS DU PAYS!!!!!!!!!!!

OUI, L'OFFRE D'EMPLOIS DU GOUVERNEMENT HAITIEN EST BIEN ET DOIT ATTIRER DES CITOYENS ET CITOYENNES DE TOUTES LES COUCHES SOCIALES (SE PA VRE NON. NOU KONNEN REYALITE A SE 99% MAS PÈP LA KI PLIS PRAL PWOFITE DE DYÒB SA YO E AVÈK REZON).

DES BONI DEVRAIENT ÊTRE ACCORDÉS AUX DIPLOMÉS D'UNIVERSITÉS, AUX POSTULANTS QUI OBTIENNENT LES MEILLEURES NOTES AUX EXAMENS ACADÉMIQUES QUI SERONT OFFERTS. MINIMUM : 75% A 100%.

LA CRÊME DE LA CRÊME!!!!!!!!!!!!!!!!!

NAP BENZWEN YON GWO GWO FÒS SEKIRITE POUN DEVLOPE PAYI DAYITI POU TOUT SITWAYEN, SITWAYÈNN KI TA VLE KITE LÈ ZETA ZINI RASIS, LILI WHITE PREZIDAN TRUMP AK DEVLOPE PITI A PITI POUL CHASE TOUT "BROWN" PEOPLE DÈ ZETA ZINI!!!!

KONSA, NAP KAPAB DI L :

VOUM TAK, VOUZAN AK PAYI LÈ ZETA ZINI RASIS!!
PAYI NOU PI BÈL PASE PA YO!!! YO TOUJOU AP VÒLÒ, DEPACHA SA LÒT PAYI GANYEN LAKAY YO.

"WHAT GOES AROUND COMES AROUND" AND THE USA'S TURN HAS COME IN GREAT STRIDES TO BE DECADENT!!!!

VIV AYITI : SHIT WHOLE OR WHATEVER!!!!! WE PROUD HAITIANS FROM ALL OVER THE WORLD LOVE IT EVEN THOUGH IT HAS BEEN DECIMATED BY THOSE FOREIGN COUNTRIES WHICH PRETEND TO BE OUR FRIENDS!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!!

WITH HYPOCRITICAL FRIENDS LIKE THEM, HAITI DOES NOT NEED ANY MORE ENEMIES!!!!!!!!!!!!

MALE EPI TOU, SAK PA KONTAN ANBAKE!

Serge

HAITIAN INTERNATIONAL GROUP
"UNE PUISSANCE ÉCONOMIQUE POUR UNE HAITI MODERNE, LIBRE ET PROSPÈRE"
(www.haitianinternationalgroup.com), au service des citoyennes et des citoyens Haïtiens concernés du globe.




--
--
--------
Vous recevez ce message de "Tout-Haiti"
 
Les meilleurs articles sont publiés en permanence sur www.touthaiti.com
 
Tout Haiti est un espace ouvert à tous ceux qui sont intéressés à contribuer au progrès d'Haiti
 
Tout Haiti est un espace de pensées libres pour la promotion et la circulation des idées et des approches pertinentes pour aider au développement d’Haiti et de l'homme Haïtien
 
Pour s’inscrire a ce groupe si vous n’avez pas un account gmail : insc...@touthaiti.com
 
Pour participer, envoyez vos messages à tout-...@googlegroups.com
 
Retrouvez Nous sur Facebook: http://www.facebook.com/touthaiti
 
Pour plus d'informations et options, visitez nous a: http://groups.google.com/group/tout-haiti?hl=en?hl=fr
 
Pour résilier, envoyez un e-mail à l'adresse tout-haiti+...@googlegroups.com

---
Vous recevez ce message, car vous êtes abonné au groupe Google Groupes "Tout-Haiti".
Pour vous désabonner de ce groupe et ne plus recevoir d'e-mails le concernant, envoyez un e-mail à l'adresse tout-haiti+...@googlegroups.com.
Pour obtenir davantage d'options, consultez la page https://groups.google.com/d/optout.


kawona...@aol.com

unread,
Nov 3, 2018, 11:51:05 PM11/3/18
to sergep...@yahoo.com, tout-...@googlegroups.com, echod...@yahoo.com, haiti-nati...@googlegroups.com, vin...@yahoogroupes.fr, reseauc...@yahoo.fr, haiti...@ymail.com, 5gr...@yahoogroups.com, forumc...@googlegroups.com, grands...@yahoogroups.com, debana...@yahoogroups.com, haitico...@yahoogroups.com, pea...@aim.com, cmrc...@gmail.com, ren...@gmail.com, blaur...@gmail.com, joe_a...@yahoo.com, vicg...@yahoo.com, snel7...@yahoo.com, dhe...@hotmail.com, han...@gmail.com, lionel.jea...@gmail.com, jeanma...@hotmail.com, wpom...@yahoo.com, lion...@aol.com, edlinea...@gmail.com, pea...@outlook.com, joenp...@hotmail.com, erzil...@yahoo.com, ren...@aol.com, edline_...@yahoo.fr, ela...@gmail.com, jpbi...@hotmail.com, dore_g...@yahoo.fr, eug...@coned.com, haiti-...@googlegroups.com, jeanmari...@gmail.com, hug...@aol.com
Sak pase SPP?

Sa kap di nan tout peyi a, se pa yon lame nèg opouvwa yo ap mete kanpe men yon milis politik akonpaye ak eskadwon lanmò nan PNH ak eskadwon lanmò atache a PNH la pou kwape tout opozisyon a pouvwa yo, epi masakre popilasyon an kap mobilize kont dilapidasyon ak gagotaj $3.8 milya dola vèt fon petwokaribe yo. Yo pa gen kapasite pou mete kanpe yon lame ki gen nen nan figi l tout bon vre. Sa w gen nan tèt ou a, menm lò, m pa dakò ak ou sou sa, men se pa sa bann sanginè opouvwa yo genyen nan tèt yo nonplis. Yo bezwen annik fèmen dyòl tout moun pou kreye lapè simityè e pou yo fè sa yo pito ak tout awogans nou konnen yo a. 

Sa yo vle fè a pa gen anyen arevwa a sekirite ak estabilite nan peyi a. Ou menm, depi w annik tande "lame," ou pre pou sipòte je fèmen. Ou dwe mande tèt ou "Ki Lame? Lame pou fè kisa?" Pèp Ayisyen an se yon Pèp ki dosil anpil, anpil, eksesivman pasyan, epi li pa twò ekzijan. 17 Oktòb 2018 montre ankò yon fwa Pèp la pa ditou jan ou dekri l la.  Okontrè, se "dirijan" malpouwont, malandren nou yo ki sovaj kote yo touye plizyè sitwayen ki tap manifeste pasifikman jou a. 

Pwoblèm la se lefèt moun ki nan direksyon peyi a, se yon bann akayik, retwograd, anakwonik, reyaksyonè, fachis, enkonpetan, mafya, koriptè ak kowonpi ki sou pouvwa a. Pa bliye sa! Yo pa sòti pou bay Pèp la yon strik minimòm alemye ditou kote yo fè peyi a tounen yon lanfè pou nou. Olye yo fè yon minimòm osèvis Pèp la ki tap rezoud anpil nan pwoblèm ensekirite nan peyi a,  yo prefere ame yon ekip bandi jisko dan pou teworize popilasyon an lè yo pito, epi fè yo touye youn lòt lè yo pa bezwen yo, oubyen fè similak desandelye lapolis pou fè sanblan yap konbat bandi alòske se manti.

Monchè, poze sou zafè lame sa a, tande! Sa nou bezwen ann efè, se yon LAME POPILÈ  REVOLISYONÈ DENDEPANDANS, SOUVERÈNTE, AK LIBERASYON NASYONAL. Toutotan, se pa kalite lame sa a nou genyen, nou pa gen peyi, nou pa gen anyen ditou. Andotre tèm, nou pa kanpe sou anyen menm! Zansèt nou yo ki te reyalize VÈTYÈ te konprann verite istorik sa a. Se sa pou w konprann sou kesyon lame a, ok frè a!

Kanmarad Kawonabo

Reply all
Reply to author
Forward
0 new messages