Kalfou Danjere Nan Mond Lan
Ayiti ak lemond antye rive nan yon kalfou danjere ki chaje ak konfizyon, epi ki chaje ak danje.
Nou ka konstate tout konfizyon ak danje sa yo lakay enperyalis meriken an ki li menm tou nan yon kalfou danjere. Sistèm enperyalis la chaje ak pwoblèm, li plen kontradiksyon. Gwo pyisans enperyalis yo ap kontinye peze souse peyi domine tankou Ayiti yo. Se politik reyaksyonè sa yo ki vin bay konbinezon plizyè faktè tankou lagè, grangou, ensekirite, represyon, chomaj, lamizè akselere, chanjman klimatik… elatriye, epi ki pwovoke gwo vag emigrasyon moun nan peyi domine yo k ap chèche defann lavi yo. Emigre sa yo pa gen lechwa, se al chèche lavi nan peyi gwo pyisans sa yo.
Pandanstan, sistèm kapitalis la an kriz tou ak yon seri fòs kote k ap souke chapant li. An patikilye, gen kriz defisi pèmanan yo nan bidjè leta yo. Fas a kriz sa a, gen menm kalite politik neyoliberal yo ki vin ap aplike anndan peyi enperyalis yo tou: tèlke privatizasyon antrepriz leta yo, rediksyon sèvis piblik yo, tandans bès reyèl salè travayè yo, kidonk yon apovrisman klas travayè yo pandan gwo boujwa yo ap vin milti-milyadè pandan taks pa yo ap bese masivman.
Kalite kriz sa yo vin pwovoke yon sitiyasyon kote leta enperyalis la oblije vin pi otoritè, leta a oblije vin pi represif pou kraze rezistans popilè yo, nan san, si nesesè. Pa ekzanp, gouvènman meriken an te mande pou itilize lari grann vil yo kòm teren antrenman pou lame ameriken.
Se konsa nou ka konstate dezòd ki genyen nan administrasyon ameriken an jounen jodi a. Kouran politik MAGA ki vin enstale Trump nan prezidans la, yon lòt fwa ankò, se yon melimelo diferan tandans ki yo chak gen ajennda pa yo. Gen sèten kouran nan MAGA a ki nasyonalis, gen sa ki pwoteksyonis, gen sa ki rasis, gen sa ki nazi/fachis, gen sa ki zyonis, elatriye… Trump li menm se yon eleman ki varye anpil, se yon enstab ki adore tèt li anvan tout bagay.
Kidonk, nou ka konstate gen anpil bagay ki varye nan politik enperyalis meriken an, an patikilye nan politik ekstèn enperyalis lan. Se konsa enperyalis meriken an fèk sòt fè yon agresyon militè kont peyi Venezyela kote yo kidnape prezidan Nikola Madouro epi y ap planifye pou kontwole resous petwòl Venezyela. An menm tan tou, enperyalis la ap fè gwo menas agresyon kont Kiba, Kolonbi, Meksik ak Grinland, yon kokenn teritwa otonòm peyi Dànmak kontwole. Jounen jodiya, enperyalis meriken ap menase sèvi ak fòs militè li pou l fè tout sa ki nan enterè gwo boujwa monopolis k ap dirije Etazini.
Malgre sa, nou dwe klè gen sèten tandans ki kontinye ap konsolide malgre tout espektak, distraksyon ak divèsyon MAGA yo. Tandans ki pi fondamantal la se tandans pou leta enperyalis la vin pi represif ansanm ak tandans pou pouvwa egzekitif la vin pi otoritè. Pa ekzanp, sou yon bò, gouvènman an jwenn $170 Milya dola vèt de Kongrè meriken pou konstwi ICE ak sa ki rele Border Patrol (Gad Fwontalyè) kòm de fòs paramilitè pou arete, britalize, ak kidnape nenpòt moun nan lari Etazini. Prezidan an federalize Gad Nasyonal la epi deplwaye yo nan lari vil tankou Washington DC, Los Angeles (California), Chicago, Miniyapolis, Portland elatriye pou ede nan represyon sou pèp la.
Sou yon lòt bò, Fèb majorite Pati Repibliken an genyen nan Kongrè a bay Prezidan an plen pouvwa pou li fè sa li pito. Epi ekzekitif la gen tandans vag sou tout yon seri desizyon jidisyè ki pa ale nan gou li. Anplis prezidan an ap pran de desizyon inilateral pou entèvni militèman nan nenpòt peyi san otorizasyon Kongrè a.
Majinalizasyon ak represyon sou imigran yo kòm boukemisè Ozetazini se chwal batay kouran MAGA a pou li tabli yon rejim fachis. Se menm jan sou rejim Hitler ann Almay, fachis yo te itilize jwif yo kòm boukemisè lè yo tap konstwi fachism la nan peyi Almay nan lane 1930 yo nan Ventyèm Syèk la. Tout sa se ekzanp ki montre kouman gouvènman enperyalis meriken an ap vin pi otoritè.
Toutfwa, politik enperyalis meriken an reflete enterè diferan fraksyon boujwazi ki nan blòk opouvwa enperyalis la: Pa ekzanp, gè pèmanan an ak ogmantasyon bidgè militè a lye a gwo kòporasyon boujwa kapitalis kap fè zam yo, ekspansyon endistri petwòl ak endistri chabon an lye a konpayi tankou (EXXON, Mobil, Sunoco), ekspansyon sektè enfòmatik yo lye a konpayi tankou Google, Apple, Facebook/Meta, elatriye, ekspansyon sektè finansye lye a Gwo Bank yo, Enstitisyon finansyè kap jere Stock, Bonds, Bitcoins, Crypto) epi gen pwoteksyon wòl dola a ki lye a finansman Echanj/komès entènasyonal la…
Tout politik ki defann enterè sektè sa yo kontribye nan apwofondisman diferan kriz k ap atake chapant sistèm kapitalis mondyal la. Pa ekzanp, Ekstansyon gè pèmanan Etazini anbreye nan Karayib la ak Mwayenn Oryan an, e Larisi ann Ikrèn, agrave danje yon gè nikleyè, ekspansyon endistri petwòl yo agrave kriz chanjman klimatik lan (sa vle di, plis dezas/katastwòf natirèl tankou siklòn, inondasyon, glisman teren, dife forestyè), ekstansyon sektè enfòmatik lan agrave siveyans/espyonaj sistematik leta a sou tout popilasyon an, pwoteksyon dola a ka pwovoke yon gè mondyal, pandan nesesite ekspansyon san limit sistèm kapitalism la li menm agrave kriz sistèm la jouktan li gen pou l vin bloke.
Kidonk, Ayiti ak lemonn antye rive nan yon kalfou danjere ki chaje ak konfizyon, epi ki chaje ak danje. Pandan lane 2026 la, Ayiti Koupe Fache ap akonpaye tout abòne li yo epi piblik la an jeneral pou klarifye epi alète nou sou sa kap pase, kit ann Ayiti e atravè mond lan.
Fòk nou klè, Pyisans Enperyalis yo ak klas reyaksyonè yo toupatou nan mond lan pa gen solisyon ki ale nan enterè majorite a, mas popilè yo, Pèp Travayè nan mond lan. Sèl espwa limanite se pou klas domine k ap sibi diferan politik reyaksyonè, anti pèp sa yo òganize tèt yo de fason otonòm ak Travayè kòm Potomitan pou defann tout dwa yo.
Viv lit otonòm ak òganizasyon otonòm klas domine yo toupatou nan mond lan ak travayè kòm potomitan!