Nap Regle Tout Bagay an Chantan

503 views
Skip to first unread message

Prince Marc

unread,
Nov 12, 2014, 10:55:28 AM11/12/14
to 5rg...@yahoogroups.com, haitian-...@yahoogroups.com, tout-...@googlegroups.com, HaitiCo...@yahoogroups.com, haiti-...@googlegroups.com, haitiant...@yahoogroups.com, DEBANA...@yahoogroups.com, forumc...@googlegroups.com, grands...@yahoogroups.com, vin...@yahoogroupes.fr, koze-mande-chez
M toujou di byen fò ke sa fè lontan ke m pèdi lafwa. Donk se pa lèzèv map mache kounya. Sa pa anpeche m prèske fin konn Chant d'Espérance anm pa kè, de tanzantan mwen ak Nounouche nou monte yon kouplè liv Chan Kreyòl Katolik la: Nap Regle Tout Bagay an Chantan, kanta ti vèsè Labib an m menm, se sim pa bezwen l pou m pa rale l. 

Sa gen anviwon de (2) mwa depi yon bon pwòchen te voye yon liv Chan Katolik pou mwen (machandiz chè, machandiz ra), kòm li se Alvantis, li te tou pwofite voye yon Chant d'Espérance pou mwen tou (pwotestan yo pa bezwen li pati sa: M ta ka jwenn sa nan nenpòt bwat fatra, menm sou nèt la li disponib gratis ti cheri, m pa si non, menm panse se koutwazi Mister Blan). 

Kòm m pot ko gentan monte Montréal pou m al chèche komisyon an, sa fè depi tout tan sa machandiz chè a tap dòmi kay moun ki te pote l soti Okap la (gwo manm gwoup karismatik devan Letènèl). Sètalò ke maten an gen yon ansyen kandida pou mè, ki se fanmim pa alyans pote komisyon an pou mwen maten. Lè l relem pou m desann al pranl nan machin nan nan menl m tèlman kontan ke m tou rale liv la poum chante «Granmèt la se li ki sèl espwa mwen». 

Sa ou tande a, mè a (se konsa m toujou relel jiska prezan) rale liv la nan menm. Li dim li gen yon chan li bezwen kopye ladanl. Tankel poko fini, li pap menm ka pretem li pou demi jounen. Menm sim pwomèt li pou m ta prete l liv la pou yon mwa si l te kitem louvril sèlman. Sa pou m fè? Ou pa ka fè malelve ak mè, m pa menm gen lafwa deja. Kouman m pral fè konvenk yon mè. Sam konnen nan liv chan si se pa aksidan ma l legliz, lèm akonpanye yon bon zanmi apre anpil soupriye?

Vwala kouman m'oblije mete yon wòch ravèt sou kè m poum tann lè mè a fè lide l pou l prete m «byen minè» a. M promèt nou map kopye kèk nan chante m te pi renmen lèm te piti yo pou nou. Men m priye nou an gras, nou mèt joure m regadan si vle, men pyès moun pa bezwen vin konprann wa pral ka vin mandem prete Liv Chan Kreyòl mwen an, si mè a fèm favè pou l banm fon ti kou. 

Liv sa pi mistik pase Titalbè, se ladanl tout elèv kay Frè ak kay Mè vrèman aprann li Kreyòl!!!!!!!!

Reply all
Reply to author
Forward
0 new messages