ABA KPT TOUT PLIM TOUT PLIMAY

2 views
Skip to first unread message

kawona...@aol.com

unread,
Jul 19, 2025, 1:48:09 AMJul 19
to Kawonabo1500 via Tout-Haiti

ABA KPT TOUT PLIM TOUT PLIMAY

https://www.youtube.com/watch?v=Gqp9uxQqwc4

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), senkyèm vèsyon pouvwa PHTK a, agrave mizè ak dezolasyon mas pèp ayisyen an menm jan ak vèsyon Michel Joseph Martelly, Jovenel Moise, Ariel Henri, ak Gary Conille yo. Chak nan fason pa yo mennen klas popilè yo nan yon kalamite ekstrèm san parèy. Nan jounen jodi a, plis pase mwatye popilasyon an riske mouri grangou, plis pase yon milyon moun ap manje mizè nan kan refijye apre gang fin kraze kay yo, vyole pitit yo, boule katye yo epi vòlè byen yo. Anfèt boujwa yo, grandon yo, politisyen yo, popilis-opòtinis yo nan alyans, ak kòkòday ansanm. Y ap pwofite nan peze souse klas popilè yo pandan yo pa gen solilsyon pou kriz k ap depafini Ayiti. Yo konplis nan mete peyi a sou titèl peyi kolon enperyalis yo.

Apre anbasad meriken, kanada ak OEA te fin enpoze Sweet Mickey, alyas bandi legal, nan tèt peyi a ak kolaborasyon klas dominan reyaksyonè ayisyen yo nan lane 2011, se finansman gang, krim finansye (pa ekzanp, vòl lajan petrokaribe a) ki te pwogram gouvènman PHTK yo pandan yo t ap kontinye aplike remèd chwal politik ekonomik neyoliberal enperyalis yo ki lakòz fayit total peyi a.

Nou konnen plan neyoliberal la te gen ladann privatizasyon tout antrepriz, konpayi, ak endistri leta yo, koupe tout sèvis leta pou popilasyon an e lage yo nan men ONG, mete kanpe zòn franch ak faktori soutretans pou salè mizè, salè pwatrinè, elatriye. Jovenel Moise ak Ariel Henri te kontinye menm politik malouk sa a pandan yo te kontinye kraze ekonomi peyi an, soutni yon ekonomi kriminèl kont enterè klas popilè yo. Nan sans sa a, pou te bloke tout mobilizasyon popilè, pouvwa a te bay gang yo kat blanch pou fè masak ak koupe rache toupatou.

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) pa chanje politik ganstè a malgre li gen ladan anpil moun ki te ann opozisyon a ansyen vèsyon pouvwa PHTK, tèt kale yo. Yo te toujou menm moun yo, menm plim, menm plimay ak menm oryantasyon politik ak ideyolojik, kidonk menm reyaksyonè anti pèp yo (tankou Pèp la konn di, opozisyon tradisyonèl ak gouvènman ayisyen yo se de bò menm meday la). Jis jounen jodi a yo kontinye pèmèt gang yo ranfòse kapasite yo, pran nouvo teritwa malgre yap klewonnen, fè pwopagann toupatou yap goumen kont gang.

Sa ki nouvo nan senkyèm vèsyon pouvwa PHTK a, kidonk Konsèy Prezisansyèl Tranzisyon an (KPT a), se kouman neyodivalyeris PHTK antann yo ak Lavalasyen tout plimay pou mennen politik antipopilè ak anti nasyonal ki chita sou krim finansye, tetelang ak gang epi kenbe peyi a ajenou devan tout reprezantan enperyalis yo ak peyi souflantyou enperyalis. Antant politik reyaksyonè, malfektè sa a fèt nan yon moman kote plis pase yon milyon migran ayisyen anba pèsekisyon politik rasis gouvènman meriken ak dominiken. Reyaksyonè yo nan leta ayisyen an pa janm konsène pou Ayisyen ki nan move sitiyasyon sa yo. Yo pa gen okenn plan pou rezoud pwoblèm lan.

Devan dram klas popilè ayisyen yo, Ayiti Koupe Fache ap denonse yon fwa ankò boujwa ayisyen yo ak kowalisyon politisyen reyaksyonè, sankoutcha k ap aplike ajanda politik sa a ki chita sou ranfòse gang, fè richès nan vann zàm, vann minisyon, vòl kès leta ak trezò piblik la, vann ògàn pitit pèp la pandan yo ap tante konsolide tèt yo nan pouvwa a nan monte pwojè bidon nouvo konstitisyon, referandòm chanpwèl ak eleksyon malatchong, fo mamit.

Jounen jodi a, anfas fayit total KPT a ansanm ak primati a, gen plizyè pwojè k ap negosye anba direksyon enperyalis yo. Menm si yo pa gen solisyon fas a kriz lan, y ap chèche yon nouvo konpwomi pou pwolonje sistèm peze souse a. Kit se Jij Kou Kasasyon, kit se yon nouvo modèl KPT, kit se konpwomi ak gang yo, kit se titèl anba klas reyaksyonè ak leta dominiken yo, tout pwojè sa yo se aspirin pou kansè.

Ayiti Koupe Fache ap sipotè inisyativ kap fèt pou demaske, mete kowalisyon politisyen boujwa sa yo toutouni, epi ankouraje klas popilè yo pran chimen batay pou òganize lit otonòm ak òganizasyon otonòm Kan Pèp la ak travayè kòm potomitan pou ranvèse Leta boujwa grandon ganstè a. Mete nouvo baz pou konstwi yon Leta demokratik popilè tou nèf san fòs kote ak travayè kòm potomitan.

ABA KPT TOUT PLIM TOUT PLIMAY!

ABA TOUT SOLISYON ANTI PÈP!

VIV LIT OTONÒM KLAS POPILÈ YO POU YON LETA DEMOKRATIK POPILÈ

 AK TRAVAYÈ KÒM POTOMITAN!

Ayiti Koupe Fache #31




 
Reply all
Reply to author
Forward
0 new messages