http://www.universallearningcentre.org/
A LA BEL BAGAY !
JENES WANANMENT LA SANTI'L ALEZ NAN FOWOM NAN. EPI NAP
DEKOUVWI CHAK FWA, ANPILNEG WANANMENT KI GEN GWO FOMASYION
NAN ANPIL DOMENN.
WOUI, SI NOU VLE REYINI KONESANS AK KAPASITE SAYO, NOU PAP
PWAN TAN POU NALE LWEN.
MWEN PAP JANM REGRETT MOUN KI KOTE MWEN YE. MWEN RENMEN
WANAMENT ANPIL AK TOUT MOUN KI LADANL, AK TOUT SA KI LADANL.
MEN, JENES SA KAP BOUJE LA FEM SANTI KE LA RELEV LA DEJA AN
AKSION POU LI POTE MIL FWA SA JENERASYON PAM NAN PA TE MENM
GEN NAN REV LI.
MWEN WE ANPIL KONPETANS NAN KANTON AN. MWEN KWE NAN YO.
PA BLYIE TI PWOGRAM EDIKASYON YANIK ETIENNE NAN. SA KI KAPAB,
PA NEGLIJE. PA BLYIE KE WANANMENT PA POU KONT LI. LI GEN RES-
PONSABILITE TOUT SESYON RIRAL LI YO AK TOUT LOT KOMIN NAN
RONN NAN, TANKOU KAPOTI, ELATRIYE.
Mwen salye Majistra Rony, Fafa, Amos, Frere Abela yo, Hugo Charles,
Pere Charles, elatriye.
Guy Joachim
|
Wananment perdu yon grande dame
Regine Desravines se moun Wananment ki te toujou trè fière poul di li se moun Wananment Mwen raplé lè nou te nan lisé Okap la ansanm avek li li te toujou ap palé de Wananment de Relax club sportif li moun ki te konnen li bien ka sonjé ke relax se club mari li gran frere li yo ect...
Mwen mande pou nou tout nan forum nan kapab genyen yon pansé spesial pou grann dame saa ki kite nou
Map di Kondoleanse a fanmi li, zanmi li, kondisip li yo ke mwen fê pati at a tout moun Wananment ki perdu pitit li saa ki te toujou devwé pou li menm jan avek nou
Bon voyaj Regine Mwen swete ter ya ap legere pou wou
Anterman li ap chante Wananment samedi mwen pa gen plis detay Rommel Abellard --- En date de : Lun 19.10.09, Guy Joachim <gjpres...@yahoo.com> a écrit : |
Mon Cher Rommel,
Le mwen te jwenn nouvel sa, mwen te boulvese anpil. Se yon ansyen kamarad Regine nan lise a, Moise Trevol, Neg Carice, ki te ban mwen nouvel sa. Wanament frape anpil. Le mwen chita pou mwen ap pase Regine DESRAVINES an lespri mwen, mwen raple le li sou balkon lise a, lap gade anba pou li kapab we kek ti moun wanament kap jwe nan lakou lise a. Li toujou gen yon ti mesaj sou Wanament chak lendi maten, li toujou ap mande w " neg kouman bagay yo. Li te kwe nan zafe lekol li, li te konn kraze bet anpil, li te gen anpil kouraj, li te toujou ap remonte moral nou.
Se te yon bon patne, li te toujou souriyan, li te kwe nan lekol. Mon che se yon gwo kou. Nou tout pedi anpil. Depi mwen ale Wanament, mwen toujou pase we li. Mwen pat panse si Regine ta pral mouri vit konsa. Pa gen anryen ki te kapab fe mwen kwe ke Regine pat tap la jodia, Men se tris.
Mwen raple de ekip wanament sa ki te lise nan lane 1980 yo, Alix Joseph, trenet Fadois, Elgo, Rody, Jn Alex Salvant, Claude Phanord.... anpil lot. Kote nou te fome yon gran chenn, nou ta renmen jou lanteman an pou anpil nan nou pwezan, pou nou refome menm chenn solidarite sa. " Peyi DAYITI, Rejyon No a, Depatman Nodes, komin Terrier Rouge,, Fort Liberte, Capotille .... ak Wanament pap janm bliye Regine DESRAVINES"
Lanteman an ap fet jou Samedi 24 oktob a 3h00 nan legliz katolik wanament (a vreifye).
Henri Claude DESORMES
3767-8413
--- En date de : Mar 20.10.09, Rommel Abellard <romm...@yahoo.com> a écrit : |
Quoi !!!!
Que Regine est morte !!!
Je suis reelement alarmé et mortifié par cette nouvelle. A part 'ce passé commun" au lycee du Cap, elle et moi avons fait ensemble le trajet du Lycee Capois-la-Mort au centre-ville lors de mon dernier voyage a Ouanaminthe. On marchait, on blaguait comme jadis vers le LNPG. Elle etait belle, sympa et energique comme toujours. Je n'aurais jamais imaginé que la "grande faucheuse" l'emporterait de si tot.
Continuons à l'aimer et disons une priere en sa faveur de temps en temps.
Mes condoleances à Carl, Numa, Ben, Patrick, Danielle, Marvin....et Ouanaminthe toute entiere. Je vous aime tres tres fort.
|
|
Monchè Rommel,
Depi byen lontan se premye fwa mwen santi'm touche pa yon pwoblem ki frape Wananment ki se lanmo Régine Desravines. Sa pa vle di ke mwen pa preokipe de tout sa kap fèt yo:-bèl lide e bèl bagay yo. M pwofite moman sa a, byen ke se yon moman tristès, pou di:" Kompliman a gwoup "Ouanaminthe Belle" la e kenbe la".
Depi m' tou piti m' te toujou ak moun Man Bertrand ki se manman Régine Desravines ni mounn Man Tchitchi yo ki se menm fanmi yo. Lè sa a m te kay Man Felix ki se matant mwen. Pou mwen di'w byen se mounn ke m te abitiye avè yo. Pou vin'n sou sijè a, Régine se yon mounn ki te zanmi anpil. Nou te vinn konsa se nan epok lè mwen kite Potoprens pou'm ale Wananment. M te rantre lise a pou'm te kontinye lekol mwen. Régine te toujou la pou ban'm konsey e lide sou koman pou'm toujou kenbe etid mwen. Menm lè mwen vin'n kite lise a pou'm retounen Potoprens lè m'ale nan vakans Wananment m' te toujou pase wè'l. Li te kontan e pate janm sispan'n ban'm ti konsey. Régine, se yon bon mounn!
Tout lè m' apran'n li malad grav la. Sa te fè'm tris anpil. Chak lè m' te toujou ap mande Marvins, Mona, Loulise koman li ye. Denye fwa m' gen nouvel li se pendan m' te sou intènèt la m t'ap tchat ak Loulise epi Loulise di'm se Sendoming li ye la ak Tati Régine epi l'ap pale Loulise de mwen ke' m se pitit gason'l. M voye saliye'l e mande'l koman li, koman'l santi'l. Epi kontak vin'n pèdi.
Se lotre jou pendan nan travay yon zanmi rele'm pou ban'm nouvel la li di'm se Gilou ki fenk rele'l di'l sa. Epi nan aswè pendan sou nèt ak Guesly Elie, m mande'l si se vre. Li di'm li panko tande sa. M di'l ban'm rele Mona Desravines pou'm konfime'l. Epi apèn m rele Mona se la li di'm. M' santi mouri telman sa fe'm mal!
Tout pale sa yo se jis pou'm montre'w koman m' te abitiye ak Régine pendan yon bon bout tan. Koman lanmo li frape'm anpatikiliye. Régine te yon bon mounn, yon mounn kite sansib anpil, kite gen pitiye ak respè pou pwochen li. Nan sikonstans sa a m'ap voye:"Tout senpati mwen ak kodoleyans mwen pou tout fanmi li e zanmi li ki frape nan pèt sa a ki se lanmo Régine Desravines"
Mèsi anpil,
Lucanier Pierre
Date: Tue, 20 Oct 2009 10:23:40 -0700
From: romm...@yahoo.com
Subject: Re : {Ouanaminthe} Re: Proposition...
To: ouana...@googlegroups.com
Pou tout moun ki bezwen swete Numa Jn Bernard Condoléances men numero li 3720-8736 et 3459-3521 merci
|
Bonjour à tous les ouanaminthais,
Nous avons perdu quelqu'un de très cher. Je profite de cette occasion pour souhaiter mes sincères condoléances à toutes les familles impliquées dans ce deuil particulièrement à Numa et à Carl. Je partage votre tristesse.
Je n'oublierai jamais les moments agréables passés au lycée Philippe Guerrier en compagnie de notre bien-aimée.
Que son âme repose en paix!
Wislene Hyacinthe
|