Bonjou tout moun,
M panse se yon bon ide inityativ sa-a. Pou mwen menm, youn nan fason ke nou te ka kolekte lajan se pou Meri ya ta mete yon ekip kanpe rapidman pou pran yon ti kob (25 ou 50 goud) nan men chak moun kap rantre Dajabon jou mache yo (chak lendi, chak vandredi). Epi, mwen apiye ide Jean-Frederick la. Se pou Lameri ta eseye negosye ak Leta santral poun we si li ta aksepte nou itilize yon pati nan reset dwann nan, konsa sa tap pemet nou fe yon bon avanse. Nou te kapab kontakte Senate Boulos nan kad pwoje ya, petet li ta kapab enterese ede nou reyalize li e menm fe yon "fundraising" bo kote kontak li genyen lot bo-a. Dyaspora a kap jwe yon gwo wol nan kontribisyon a reyalizasyon rev sa-a. Eseye kreye, se sa Bondye ba nou le nou pa gen twop mwayen.
Tchenbe red pa moli "Neg Wanament anm yo".
TLP
Voye Numero compte projet ya paske pa gen anpil tan pou nou pale anpil
Bay numero kcompte la pou tout moun ka depoze sa yo genyen paske nou pa gen tan devan nou fok nou jwenn lajan semenn sa kap vini yan Rommel Abellard --- En date de : Jeu 15.1.09, Fleurant Maismy-Mary <maismymar...@yahoo.fr> a écrit : |
__________________________________________________
Correo Yahoo!
Espacio para todos tus mensajes, antivirus y antispam ¡gratis!
Regístrate ya - http://correo.yahoo.com.mx/
Map di yon gwo bonjou pout tout moun alawonnbadè, Nan sa ki gen pou wè ak ranmase lajan pou asfataj wanament la, se tout moun an jeneral ki enterese, motive e kap eseye wè nan ki fason yo kapab ankouraje lantouraj yo pou bay patisipason pa yo. Men tou fòk nou pa bliye ke diferant ONG yo ki nan zòn nan kapab bay patisipasyon pa yo tou, ta sanble ke nou bliye yo, mèt Fafa saw panse si w ta adrese kèk lèt a ONG sa yo? pa bliye ke ONG sa yo reprezante yon imaj pou zòn nan, e mwen panse ke yap enterese bay patisipasyon pa yo tou pou devlopman zòn nan. Mèsi anpil, nap kenbe rèd, nou pap moli! Se te younn nan pitit Wanament yo --- En date de : Ven 16.1.09, Fleurant Maismy-Mary <maismymar...@yahoo.fr> a écrit : |
De: Fleurant Maismy-Mary <maismymar...@yahoo.fr> |