INTERVIEW 509 Pascal Adrien, reprezantan Akò 21 Desanm, ki gen Dr. Louis Gérald Gilles kòm reprezantan nan Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la.
Avèk Pascal Adrien, n ap pale sou detay rankont ki te fèt madi pase a ant Eminan Pèsonalite CARICOM yo, kote tout sektè ki gen reprezantan nan KPT a te fè yon bilan sou echèk tranzisyon 9 tèt la.
N ap diskite tou sou rezon ki lakòz echèk KPT, ki altènativ li panse ki ta dwe fèt apre tranzisyon sa a, epi opinyon li sou dyalòg ak kesyon Viv Ansanm.