An nou aprann pale ayisyen

84 views
Skip to first unread message

Nouvo Gramè Lang Kreyòl

unread,
Nov 29, 2010, 12:10:32 PM11/29/10
to Nouvo Gramè Lang Kreyòl

Teks sa a nou ekri l nan optik poun fè tout poun konnen kijan yo ekri
ak pale ayisyen. Pou nou fè sa nap gen poun prezante ba nou prensip
lang lan.

Anvann ale pi lwen fòk nou fè konnen nannan sistèm òtograf ayisyen an
soti nan desizyon ofisyèl leta peyi a nan lane 1980. Kidonk yon moun
sa a

yo ki pran plezi pale ak ekri ayisyen an jan yo pipito pandan yap fè
konnen ayisyen an pa monte avyon nan manti ak pwò tèt li e si se ta
yon entèlektyèl

konnen li pa wè pi lwen ke ti bout nen l. Sa vle di se yon moun ki gen
yon tit men ki pap fè rechèch pou konnen sa kap pase anvan li pale.

Ayisyen tankou tout lang gen yon fason pou pale li ak ekri li. E pou
rive respekte jan pou pale li ak ekri li ou dwe respekte yon dividal
prensip. Nan ayisyen an

espesyalis Iv Dejan(Yves Dejean) nan ti liv Ann aprann òtograf kreyòl
la li te ekri nan lane1986 e ki te parèt nan peyi USA fè konnen
ayisyen an gen kat(4) prensip ki fèl e prensip yo prezante konsa:

Premye prensip la di konsa: Chak lèt rete nan wòl yo
Dezyèm prensip la se pou jan wap ekri: Chak son ekri menm jan
Twazyèm prensip: Nanpwen lèt ki bèbè
Katryèm prensip la chita sou son lèt yo:Chak lèt se pòtre yon sèl
grenn son oubyen yon sèl grenn bri.
Nou pap pran kat(4) prensip yo nan teks sa a men nap devlope premye a
selman epi na pran rès yo nan yon lòt prezantasyon.

Chak lèt rete nan wòl yo

Anvan nou pran detaye premye pensip la, li ta enteresan si nou ta pale
sou senbòl. Yon senbòl lè nou pran l nan etimolojil nan lang grèk la
[sùmbolon] li vle di siy pou rekonèt. Yon lang pa soti nan syèl, se pa
loray ki kale l kidonk li konekte ak yon reyalite let ak son yo pwodui
pral baw yon senbòl. Senbòl sa yo gen pou reprezante reyalite a.
Lenguist Roman Jakobson pale de sis (6) fonksyon yon langage:-Fonksyon
referansyèl; -Fonksyon emosyon; -Fonksyon Fatik; -Fonksyon poetik; -
Fonksyon metalenguistik ak -Fonksyon politik. Ayisyen an se yon
langage se sinonim mo lang lan, daprè Saussure nan fenomèn ki fè lang
lan gen de faktè: Lang lan ak pawòl la. Menm jan ak lang lan langage
la se yon sistèm senbolik. Ann eseye konprann ayisyen an nan sis (6)
fonksyon Jakobson bay la. Daprè lenguis la fonksyon referansyèl la se
lè lang la ka pèmèt nou bay enfòmasyon, mesaj, mwen ka ajoute ke
fonksyon referansyèl la se lè moun kap pale lang lan itilize mo ak lèt
yo pou fè pase yon mesaj ak pou konprann konteks lap viv la.

Fonksyon emotive la li plis panche sou langaj la, men jan nou sot wèl
la kit lang kit langaj se menm plim menm plimay. Lèw pale se pou
fèpase emosyonw e lè wap fè pase emosyonw ou ka fè sanw pa pale men
nan yon langaj. Langaj la li lye ak kilti moun nan, lang li pale a,
paske se referans ak senbòl yo ki ridel fèl.

Fonksyon fatik la pèmet nou tabli kontak li madonne ak nòm sosyal yo,
règ ak prensip yo. Lèw pale fok ou respekte prensip yo. Fonksyon
poetik ak politik la li pi klè. Nou pale oubyen fè syi poun fè bèbèl
oubyen poun fè sofis, nan fè politik. E denye fonksyon an
Metalengistik la yo itilizel nan fè analiz diskou, chèche konnen sa
lòt la di nan diskou li a.

Lè nou fin fè tout rale sa yo nou ka chita koulye a sou ayisyen an
poun di li gen fonksyon sa yo, paske li ride moun kominike ant yo,
depi nan tan lakoloni jouk jounen jodia a. Depi ofisyalisasyon ak
prezantasyon denye òtograf la nou jwen moun ayisyen nan anpil
aktivite. Malgre sa gen anpil wout ki pou fèt, pou bat chalbari deyè
kolon kreyòl kou etranje ki refize aksepte Ayisyen se yon lang yon
lang ki kont esklizyon ak peze souse.

Ann pran premye prensip la: chak lèt rete nan wòl yo. Menm jan ak lòt
lang ayisyen an fèt aklèt e chak lèt se yon son. Nan son yo gen
vwayèl, gen konsòn tou. Kit vwayèl yo kit konsòn yo chakgen lèt ki
reprezante yo. Diferans ki tabli ant vwayèl ak konsòn se nan son yo,
janl pati nan zorey ou. Nan Ayisyen an gen dis (10) manman vwayèl: i e
en è a an ò on o ou.

Nou jwenn yo nan fen mo tankou Pi; Pe; Pè; Pa; Pan; Pon; Pou.

Apre 10 manman vwayèl yon nou jwenn 10 konsòn yo : b d f j k l p r v
z. Ansanm ak vwayèl yo epi konsòn yo nou ka konpoze anpil mo, se nan
pwososis sa a nou rive ekri epi pale tou.

NB : lè nou gade vwayèl sa yo : ou en on an, se 2 lèt kif è yo men se
yon sèl siy ki reprezante yo.

Ann fè kèk mo ak son yo :

Sa se kèk mo ki gen ladan yo lèt a.

Baka [b : Move lespri, bèt lèd kin an literati, moun ki pa
benyen epi ki lèd anpil.

Zaboka : Pye bwa ki bay fwi zaboka a.

Papa : Se gason ki te fèw ak manmanw, Moun ou pote non
siyati li a.

Nan mo sa yon ou pral li a chak fwa nou di yon ou ka tande son /an/
nan yo.

Lanbi : Bèt nou jwenn nan lanmè epi moun ka manje.

Elefan : Gwo bèt kat pat nou jwenn nan peyi Lafrik ak
Lazi, ki gen po epè, ki preske san plim, ki gen yon tronp, dan kwòk
byen long.

Van : Nan tan grèk antik, filozòf yo tap diski te
sou prensip premye a. Pou Anazimène de Milet prensip sa a pou li se te
van(Air).

Men mo kote nou jwenn mo /e/

Ve :Kondisyon moun pran pou yo met yon rad san lave
pandan yon sèten jou.

Ze : Koki won fòm oval yon bèt femel ovipa ponn.

Lave : v. netwaye salte ak dlo epi savon.

Mezanmi nou ekri anpil bagay! kOULYE A LI RETE POU NOU APRESYE TRAVAY
LA, POUN RIVE METE KANPE AKADEMI SA A NAP ANCHERI A

M kite na gen poun fini ak premye pati a yon demen...

Rete branche!


Muselene CARILUS

unread,
Dec 1, 2010, 3:33:56 PM12/1/10
to nouvo-grame...@googlegroups.com
Bonswa,
Mwen felisite tout moun k ap travay pou koz lang kreyol la. M renmen lide nou an anpil. Men m p ap di anpil bagay sinon nan plas moun ki ekri teks sa a, m pa t ap itilize tem ''PALE AYISYEN",men pale kreyol, oubyen pale kreyol aysyen. Paske lang nou an pa rele ayisyen, li rele kreyol. Se vre gen plizye kreyol...men nou te kapab fe diferans la , pandan nou ajoute ''Kreyol Ayisyen''. Sa se yon sijesyon, m pa di l bon...men se konsa m konprann li.
Mesi pou konpreyansyon n
Muselene

2010/11/29 Nouvo Gramè Lang Kreyòl <nouvo-grame...@googlegroups.com>










--
Vous recevez ce message, car vous êtes abonné au groupe Google Groupes Nouvo Gramè Lang Kreyòl.
Pour envoyer un message à ce groupe, adressez un e-mail à nouvo-grame...@googlegroups.com.
Pour vous désabonner de ce groupe, envoyez un e-mail à l'adresse nouvo-grame-lang-...@googlegroups.com.
Pour plus d'options, consultez la page de ce groupe : http://groups.google.com/group/nouvo-grame-lang-kreyol?hl=fr


Muselene CARILUS

unread,
Dec 4, 2010, 1:27:29 PM12/4/10
to nouvo-grame...@googlegroups.com

Ote a byen di, definisyon sa yo koresponn ak stati gwadloup...Kreyol soti nan criollolo ki vle di fet nan koloni. Kidonk tout sak te fet nan koloni pote non kreyol...lang kreyol,,,manje kreyol... m pa we nan kisa rele lang lan kreyol ka fe n pedu idantite nou kom pep...Joseph PROPHETE pa premye aysyen ki vin ak tewori sa...yon pwofese yo rele Kercy menm ekri yon liv pou l pale de ''Aysyen'' ki ta vle di lang kreyol...
Mwen pa antre nan lojik la paske m pa kwe pale de fanm kreyol olye fanm aysyen ka chanje anyen nan idantite nou kom pep.
Sa m di la yo tre sigjektif.
Mesi paske w pataje atik la ave m
2010/12/1 EUGGIO <goodcl...@gmail.com>
Mwen kwè ke otè atik sa a dwe jis kòmante ou enspire li nan atik
joseph PROPHETE sou sit sa a: http://editionskonbit.com/articles/index.html.
Mwen ta renmen ou li li tou jan mwen te fè sa. Li ap ba ou plis detay
sou rezon ki fè li prefere yo di "lang ayisyen" pito lang kreyòl.

Bon lekti.
Reply all
Reply to author
Forward
0 new messages