An mache nan listwa Ayiryen an!

5 views
Skip to first unread message

Jacotin Billy

unread,
Nov 27, 2010, 5:31:23 PM11/27/10
to Nouvo Gramè Lang Kreyòl


Ayiti Toma, se non peyi sa a ki te mete ate pi gwo lame fransèz nan
epòk esklavajis. Nan 17, 18 eme syek ayiti, peyi sa a ki chita nan
basen karayib la, nan kontinan novo mond la te yon gwo koloni peyi
Lafrans. Lafrans ki rive fè richès konsa te fèl sou do yon bann moun
yo te al pran nan kontinan Lafrik.
Rive nan koloni an afriken sa yo pat pou blan rasis epòk esklavajis la
moun tankou tout moun. Paske yo te nwa ? Petèt !
Nèg sa yo te soti nan plizyé tribi, yo te nwa, yo te soti nan menm
kontinan men yon pat konn lot. Daye yo pat pale menm lang. Men yo te
nan menm kondisyon, yo te konsidere kwè bet yo te byen met kolon an.
Moun sa a yo te fè sa yo vle ak yo paske pou yo moun sa yo pat gen
nanm kidonk yo pat moun.
Ou panse sa te fè yo plezi ke yo pat moun e pou yo te rete sibi
opresyon moun sa a yo? Listwa rakonte nou neg yo te toujou ap reaji
kont sistèm peze souse sa a. Pou yo sistèm sa a pa kadre ak sa yo krè
ladanl lan.
Rezistans nèg afriken sa yo ta pral manifeste sou plizyè fòm. Nan yon
premye tan depi anvan yo rive fanm ki te ansent yo te chwazi touye
timoun yo depi nan vant, yon fwa yo rive sou tè yo pakonnen an, tè
esklavaj la yo ta pral reaji pi rèd. Savè istwa yo fèn konnen esklav
yo te konn mete pwazon pou met yo epi sove al nan mòn yo se te epòk
maronaj la.
Nan koloni an esklav la te gen tout kondisyon poul pat santi li lakay
li, yon te anpechel kontinye pratike relijyon li te genyen nan peyi li
epi lang ki te domine a se te fransè. Dayè pat gen posibilite pou yo
kominike yonn ak lòt paske te gen plizyè kalte afriken. Chak kalte yo
te soti nan plizyè tribi diferan. Kidonk lang yo te diferan e yo te
soti nan 21 tribi ou nanchon kidonk te gen 21 kwayans diferan.

Yon lòt fòm rezistans pral parèt nan koloni an. Esklav yo pral mete
ansanm pou fè relijyon yo. Vodou pral pran nesann nan koloni an anba
chal tandiske kòd nwa, dokiman sa a kite ofisyalize esklavaj la
rekonèt yon sel relijyon ke te Katolik. Pou konbat esklizyon, pou yo
rive kominike yonn ak lòt esklav yo ta pral ta pwal kreye yon lang.
Lang sa a yo relel li kreyòl, li pase anpil etap nan fason yo palel
nan listwa peyi a, sa ayisyen yo pale jodia diferan anpil ak sa esklav
yo te konn pale.
Nan lane 1804 esklav yo ta pral leve kanpe kont fòm esklavaj la, yo te
vle di non ak sitiyasyon sa a. Lang la pral bay o endepandans e se
konsa Ayiti ta pral tounen premye repiblik neg nan mond kapitalis-
esklavajis la. Jounen jodia Ayiti gen 206 lanne, ak dènye konstitisyon
an, konstitisyon 1987 la peyi a gen 2 lang ofisyèl Ayisyen ak Fransè.
Malgre jefò ki fèt e ki ap kontinye fèt toujou pou pèmèt mond lan
konnen lang Ayisyen an gen moun ki kontinye panse Ayisyen pa lang, li
pa monte avyon. Yo twonpe yo, paske pou pale lang lan ou dwe respekte
prensip yo, menm jan pou pale Fransè ou respekte prensip yo.
Ayisyen an se yon fòm kreyòl yo pale nan peyi d’Ayiti Toma, nou relel
Ayisyen paske se lang pèp Ayiti a.
Jounen jodia Brezil pa di li pale Pòtigè men Brezilyen pouki nou pa
reklame dwa sa a tou. AAyisyen pale ayisyen konprann. Nan lide sa a,
yon gwoup entèlektye deside mete ansanm pou fè konnen lang sa a e fè
respekte prensip yo menm.

Nouvo Gramè Lang Kreyòl

unread,
Nov 30, 2010, 7:58:27 PM11/30/10
to Nouvo Gramè Lang Kreyòl
Eratum: Nan teks 27 novanm lan nou te Ekri: An mache nan listwa
Ayiryenan!, men sa nou tap ekri a se An nou mache nan listwa Ayisyen
an! Nap mande nou ezkize nou pou fot sa a.


Nap toujou kontinye bay ayisyen an bourad!!!!
Reply all
Reply to author
Forward
0 new messages