EUGGIO
unread,Nov 22, 2010, 7:50:34 PM11/22/10Sign in to reply to author
Sign in to forward
You do not have permission to delete messages in this group
Either email addresses are anonymous for this group or you need the view member email addresses permission to view the original message
to Nouvo Gramè Lang Kreyòl
Nou espere ke travay sa pèmèt nou:
Dekri yon gramè prop a lang kreyòl ayisyen e n'ap montre diferans pa
rapò a fonetik, mòfoloji e sintaks nan plizyè kote nan peyi a san fè
pati pri.
Enrejistre varyant nan konvèsasyon ke nou pa konsidere kòm estanda nan
fason moun yo anploye lang la nan literati e nan dokiman ekri an
kreyòl.
Prezante yon sintèz de plizyè travay ki fèt sou lang kreyòl ke nou ka
site kòm referans pou tout moun ki enterese aprann plis sou lang
kreyòl ayisyen.
Minimize dout sou kesyon nòm nan objektif pou nou eseye rann tout
referans ke nou genyen konpatib a rejis lang la.
Gen yon valè chapit ki pral diskite de:
Kesyon jeneral ki detaye tout pati gramè a, relasyon ki egziste pami
pati sa yo e sa ki fondamantal nan analiz gramè a.
Fonetik e fonoloji ki konsène prensipal varyant ki genyen nan fason mo
yo prononse.
Mòfoloji ki analize konstriksyon entèn mo yo.
Sintaks ki analize konstriksyon ki kreye an fonksyon de nan ki fòm mo
yo konbine entre yo menm.
Métòd travay:
Nou konte itilize plizyè sipò (ke chak moun ap prepare). Ansanm, nou
ka elabore yon apèsi de chak chapit ke nou pral soumèt in fine a yon
otorite ou yon moun ki engaje-l e ki kapab ofisyalize travay la (yon
espesyalis gramè lang kreyòl).
Tout sikjesyon ou obsèvasyon aksepte: se gras a sa ke nou kapab
prepare chak chapit.
Kòm nou di li toutalè a, nou pral vye chak chapit bay yon espesyalis
pou verifye pandan ke n'ap tann chanjman ke li propoze.
Avèk tout done ke nou kolekte, nou kapab kòmanse ekri yon premye tèks,
yon dezyèm tèks, elatriye....
Tèks la pataje ant manm gwoup la ki diskite sou li e, si gen divèjans,
nou retounen-l bay espesyalis la ou yon gwoup espesyalis ki kapab bay
konsèy.
Nou revize tèks la e nou pa bliye mete konsèy e ide espesyalis nan
lide ameliore chak chapit chak fwa ke li enpòtan pou nou fè sa.
Toujou, nou dwe soumèt tout tèks a yon espesyalis pou travay la parèt
pwofesyonèl. Se tèks final la ki pral entegre vèsyon ki dwe piblye kay
yon editè jiskaske nou ale nan inogirasyon.
Kreyòl la se lang pa nou, se nou ki dwe ba-l fòm e rann li bèl. Annou
travay ansanm!