Yon ti refleksyon sou alfabè kreyòl

45 views
Skip to first unread message

EUGGIO

unread,
Nov 28, 2010, 9:54:49 PM11/28/10
to Nouvo Gramè Lang Kreyòl
Mwen t'ap chèche kèk enfòmasyon sou lang kreyòl selon sa ki sòti deja
sou entènet e mwen te obsève ke gen yon ti pwoblèm nan alfabè a (ke
pèsonn pa ta dwe kapab deziye tou nan mo laten "abecedarium", paske
kat premye lèt yo pa kòmanse avèk "a, b, c, d"; men yo kòmanse pito
avèk "a, an, b, ch, d"). "Abecedarium" se youn nan mo ke nou pa ta dwe
itilize nan kreyòl pou rezon mwen fèk sot site a, e an plis, mo a gen
yon lèt ki pa egziste an kreyòl, ki se "c", menm si yon moun ta anvi
kenbe mo sa nan vokabilè lang kreyòl. Si mwen natiralize li, m'ap gen
"abesedariòm" ou "abesedè" (transkri depi lang fransè), e sa tou
sanble pa fè sans yon kote. Yon lòt kote, li fè sans paske nou itilize
alfabè laten. Lang panyòl bay yon ti ekzanp nan sans sa, paske alfabè
pa li se "a, b, c, ch, d" alòske li itilize mo panyòl "abecedario" pou
li deziye alfabè li a (note ke nan ane sa, yo konte rezoud pwoblèm
nan).

Pou kisa mwen vinn pale de yon bagay konsa ki dwe menm pa gen enterè?
Mwen pa pe antre nan gwo detay, men gen yon ti bagay ki te fè mwen
pran ti chèz ba mwen. Mwen te pale, anvan mwen te vinn sou koze
"abecedarium" nan, de yon pwoblèm ke mwen te jwenn nan alfabè a: se
yon alfabè ak son (son melanje ak lèt). Mwen pa pe antre nan bay
definisyon lèt e son, men sijè sa gen anpil enterè. Si m'ap jwe sou mo
yo, yon alfabè (ki vini de grèk "alpha" e "bêta") se yon gwoup simbòl
ki reprezante apeprè yon fonèm ki li menm kapab deziye plizyè son. Nou
manke ase simbòl pou reprezante son sa yo? Gen pwoblèm toujou.

Gen de sit kreyòl ke mwen te vizite e yo mete "ui" kòm yon lèt, gen sa
ki mete "oun" e gen lòt ki pa mete lèt sa yo men ki mete "ng" e "on".
Kite kantik pran priyè, li pa difisil pou wè ke gen yon diferans e ke
gen yon pwoblèm serye la, menm si yo tout dakò ke gen 29 lèt ak son
nan "alfabè" kreyòl ayisyen. Note ke, pou nou ekri son sa yo, se
konbine nou konbine lèt alfabè laten an.

Se vre, mwen konte 29 lèt ak son pou kreyòl la. Alfabè ak son a jete,
selon sa nou ka wè, 5 lèt nan alfabè laten an (c, h, q, u, x) e li
ajoute 7 vwayèl plis yon konsòn. Tout sa li ajoute yo se son. Yon lòt
fason mwen ka di sa se ke alfabè a itilize 21 lèt e gen 8 son ki vinn
konplete-l. Kiyès ki deside ke alfabè nou an dwe konsa? Poukisa yo te
chwazi fè li konsa?

M'ap fini avèk yon ekzanp sou alfabè italyen an ki itilize nòmalman 21
lèt nan alfabè laten an. San ajoute nouvo son (e se pa sa ki manke nan
lang sa), li kenbe rès lèt yo pou ekri mo ki soti nan lòt lang. Panyòl
sanble ak kreyòl nan ekzanp nou te pran nan kòmansman mesaj sa, men
kèk pwoblèm ke li rankontre, pa ekzanp nan plasman mo yo nan diksyonè,
nan domèn enfòmatik, elatriye....pouse akademi lang panyòl mache sou
menm liy ak akademi lang fransè, anglè ou menm italyen.

EUGGIO

unread,
Nov 29, 2010, 8:11:29 AM11/29/10
to Nouvo Gramè Lang Kreyòl
Mwen te bliye souliye alfabè ayisyen ofisyèl la. Selon lalwa 18
septanm 1979 la ki te parèt an janvye 1980 an anba siyati Sekretè Deta
Edikasyon Nasyonal Dayiti a, M. Jozèf C. Bèna, alfabè lang ayisyen an
genyen 32 son oubyen 32 fonèm. Ale sou: http://www.editionskonbit.com/alphabet.html.

Sa konfime ke sit ke mwen te vizite yo pa te repekte vèsyon ofisyèl
la.
Reply all
Reply to author
Forward
0 new messages