Bonjou,
Gwoup nou an fèk ouvri e nou espere ke li enterese anpil moun nan gran pwojè sa ke nou anvi mete sou pye konsènan lang ayisyen. Nou ekri w jodiya pou ou ka ede nou rezoud yon pwoblèm enfòmasyon sou kèk manm san diskriminasyon sou dat yo enskri nan gwoup nou an. Nou swete ke ou ede nou plis nan pataj enfòmasyon gwoup la, kòmanse sou pwòp prezantasyon tèt pa ou. Pèsonn pa chape anba devwa sa, ki se tou senpleman yon devwa bon patizan.
Nou espere ke chak menm sa yo:
reponn a devwa sa pou nou ka gen yon minimòm enfòmasyon sou youn lòt. Nou envite yo chak klike sou pwòp non li nan mesaj osinon konekte sou paj gwoup la pou li ka ranpli ti fich kote yo mande-l:
Lieu:
Titre :
Secteur :
Adresse e-mail:
Site Web ou blog :
Citation :
Qui suis-je :
N'ap ajoute tou ke li ta bon pou ou mete yon foto ki reprezante w nan gwoup nan plas ki fèt pou sa a. Mèsi anpil pou efò ou pral fè pou gwoup la kapab bay plis bon akèy.
Avèk respè,