Lendi, 6 Fevriye yo te mennen nou Miyami ankò, nou te dòmi kay sè
nou TiKo ak pitit li Mari Ka, nou leve jou eleksyon ann Ayiti pou pran
vòl ale Denver Madi, 7 Fevriye.
Dezyèm kote nou te jwe se Denver, Colorado jou Dimanch 12 Fevriye a
7tè nan aswè nan legliz "Atonement Lutheran Church" devan plis pase
50 moun.
Bon zanmi ki te òganize l se Pastè Jim Gonia ak Cheryl Stone. Yo te
vizite Ayiti tou. Nan maten nou te ale legliz nou pale ak 2 gwoup
separe pou lekòl dimanch. Nan apremidi avan nou jwe, nou te patisipe
nan yon wonn nan menm legliz la, yo t ap fè etid biblik. Sou sa yo te
pale se: "Djab ak gerizon"
15 Fevriye nou te pran zèl ale California.
Twazyèm kote se Los Angeles, California jou Dimanch 19 Fevriye a 7tè
nan aswè nan legliz "First United Methodist Church Canoga Park" devan
plis pase 70 moun. Majorite moun yo se manm legliz la, men genyen nan
moun ki te la ki te soti lwen tou. Te genyen yon moun ki kouri machin
li 6zè de tan pou rive wè teyat la e rankontre ak nou. Asistans la
te poze anpil kesyon. Se Pastè Karen Murata ki te òganize tout bagay
pou nou rive jwe teyat la. Nou te desann kay JoEllen Murata ki se bèl
mè Pastè Karen. Dimanch maten Pastè legliz la te bay nou plas
donè, nou te chita sou lotèl kòm envite spesyal legliz la. Yo te
bay nou lapawòl, nou te pale de N a Sonje ak Ayiti. San n pa bliye
Jedi 16 Fevriye, nou te chita pale ak 2 sal de klas nan "Los Angeles
Valley College".
Katryèm kote se Denver ankò, men fwa sa a, se nan inivèsite "Metro
State College of Denver" 4trè apremidi Mekredi 22 Fevriye nan St.
Cajetan's, ansyen legliz ki nan lakou inivèsite a, se la Leah, pitit
Carla, ale inivèsite. Se li menm menm ki resevwa nou, ki planifye
tout bagay, bay nou kote pou n rete, kondui mennen nou ale tout kote.
Te genyen 38 moun ki te asiste nou. Yo te byen kontan, te genyen anpil
diskisyon la tou. Pami moun ki te la genyen yon dam ki rele Arlene
McMillen ki te wè sa n ap fè a se yon bon bagay, li te pran desizyon
pou òganize yon lòt reprezantasyon pou anpil pwofesè ak etidyan nan
inivèsite a gen chans pou wè pyès la. Nou rankontre avèk yon towo
gason, Lucas Shamala ki pran doktora nan yon inivèsite etazini. Li
soti Kenya. Misyè soti kote solèy leve. Li fè nou prezante nou pou
pale de N a Sonje, istwa Afrik, Ayiti nan 3 kou l ap fè nan inivèsite
"Metro" a. Se te wololoy.
Senkyèm kote se Denver yon fwa ankò kote Arlene te fè nou jwe Lendi
27 Fevriye a midi nan yon lòt sal spektak ki toujou nan lakou menm
inivèsite a. Se te yon klas ki te vin gade teyat la. Pa t genyen
chans pou kesyon repons paske yo t ap pral suiv lòt kou men n ap tann
reyaksyon yo paske yo te di yo t ap fè yon klas epi pwochenn klas la
ap pral chita sou reyaksyon teyat la. Nan Dimanch, 26 Fevriye, nou te
pale nan yon emisyon radyo "Scotty" sou radyo KUVO 89.3FM
(www.Kuvo.org), nou te pale sou N a Sonje ak teyat la.
Lendi apre prezantasyon teyat la nan inivèsite Metro, nou te al soupe
kay yon zanmi kote nou te rankontre yon moun ki rele Malaika ki
enterese nan sa nou t ap pale epi pran yon dezisyon òganize plizyè
rankont pou nou nan yon vil pa lwen Denver ki rele Boulder.
Mèkredi 1 Mas kote a se te ak elèv Ameriken Nwa nan yon lekòl
segondè ki rele: "Fairview High School". Nan pita nou te ale pale ak
gwoup miltikiltirèl nan inivèsite "Naropa". Gwoup la te vreman
manifeste anpil divèsite, menm youn nan etidyan ki te la genyen mwatye
rasin li se Ayisyen!
Jedi 2 Mas, se te tou pa etidyan klas "Jistis Anviwonmantal" apre nou
te ale pale ak klas "Divèsite Kiltirèl".
Vandredi 3 Mas nou te jwe pyès la nan sant inivèsite Naropa a midi.
Sa te byen pase. Malaika òganize tout sa yo nan 3 jou.
Nan yon tan ki pa two kout, w a jwenn tras kote rès vwayaj la ap
kontinye. Nou te jwe Chicago, Sioux City (nan Iowa), South Bend (nan
Indiana). Kounye a nou pral jwe Kalamazoo (nan Michigan) aswè a ak
demen. N ap ouvri mwa Avril la nan Germantown (Pennsylvania), pa lwen
Philadelphia.