JO nan vil Lond Preske fini, Kote Ayiti?
Li kole pa ka fè wonn pòt
Siy li menm se pèdi san fòt
Wi depi mil nèf san ventwit,
Jefò peyi n pa janm pa zwit
Malgre jwè travay jou kou nwit
Gade leta kwazeleywit
Jwèt olenpik se jwèt madre
Se domaj jwè n pa ankadre
Wi se vre jwèt yo pral fini
Men se manje manje dòmi
Ki pral tounen manje bliye
Ki fè jwè n yo toujou kriye
Randevou se pou 2015
Prepare Rio 2016
Lè sa la va gentan twò ta
Paske nou toujou an reta
Deja 84 lane
Jenerasyon papa m fin fane
Chache meday pa wè meday
Se plede danse rabòday
Men jwè pa kanpe sou podjòm
Paske peyi nou pa kòdjòm
Jwèt yo fini, Kot Ayiti
Annou goumen kont lanati
Pou n fè tankou tout lòt peyi
An nou sispann zafè rayi
Renmen pito san n pa fayi
Gen grenn ka zòt nou ka keyi
Yo tout se yon sèl kòt fanmi
Ap bon jefò y ap gentan mi
Men nou pa ka mize nan wout
Fòk nou kenbe bagay yo kout
Mèt Laine manke fè n djaye
An nou pa mache pye gaye
Nan yon chemen l gentan trase
San pedi tan an nou vanse
Minwi mwen senk, pa gen ranse
An nou rezève tout danse
Pou lò kòd lò yo fin pase
Nan kou jwè yo ki di ase
Li lè pou ayiti cheri
Moutre lemonn ke li geri
Pitit li yo kanpe ansanm
Ak yon sèl kè gason kou fanm.
Cordialement/Cordially
MAPL
Genyen moun ki fè listwa; genyen tou listwa fè. Dènye kalte moun sa yo ta dwe retounen donn nan bay listwa si pou lavi kontinye boujonnen. Se paske listwa te bezwen reboujonnen ki fè l te fè yo.
Il y a des gens qui font l'histoire; il y en a que fait l'histoire. Ces derniers doivent lui rendre la réciprocité si le cycle de vie doit continuer. C'est en les créant que l'histoire se recrée.
There are people who make history; there are those made by history. The latter must return the favor if the cycle of life must continue since it is by creating them that history recreates itself.
MAPL