Ayiti pèdi yon potorik gason : Ambasadè Jean Ceradieu Augustave

14 views
Skip to first unread message

Stanley Lucas

unread,
Nov 9, 2018, 7:38:56 PM11/9/18
to
Augustave 3.jpg
Peyi dayiti abitye pwodwui yon seri de diplomat solid, fen, byen fome ki te konnen kijan pou defann enterè Ayiti byen aletranje. Kalite diplomat sa yo rantre nan liy Toussaint Louverture te kite pou nou. Fomasyon yo pat sèlman akademik. Diplomat sa yo te genyen yon konesans pwofon de sosyete a e de valè li. Jean Ceradieu Augustave se te yon nèg ki te genyen ampil kapasite. Li fome ampil jenerasyon diplomat Ayisien nan INAGHEI e fonksyonè ki travay nan leta. Nan INAGHEI te geyen 3 pwofesè ke etidyan yo te respekte ampil: Edriss Saint Armand, Remy Mathieu ak Jean Augustave tèlman yo te konnen. Anbasadè Augustave pase nan plizyè pos nan ministè afè etranjè. Li te chèf kabinè minis, li te direktè jeneral, li te direktè afè politik, li te anbasadè an Argentine, en Colombie. Antèman li apfèt demen Samdi 10 Novanm nan legliz Baptist kominote Delmas 75 a 7è30 nan maten, kadav la ap ekzpoze depi 6è. Mwen prezante kondoleyans mwen a Madan Jean Ceradieu Augustave ne Michelle Ange Hyppolite, a 2 pitit li Ebenz Shehane, Jiovih Rhee Augustave e a tout fanmi, zanmi e alye li. Nou espere ke ampil otorite peyi a, ansyen etidyan INAGHEI apfè deplasman an pou al salye yon potomitan ki sèvi peyi li avèk entegrite, respè e diyite. Kalite moun tankou Anbasadè Augustave ap disparèt nan peyi dayiti. Nèg ki respekte prensip ak lalwa, nèg kipa abize otorite l, ki pa foure men nan lajan leta, nèg ki respekte moun, nèg ki respekte e fè respekte drapo peyi li. Ambasadè Augustave se yon gwo pèt pou Ayiti. Kalite bibiotèk ambilan sa yo nou pa pwodwui yo anko. Ambasadè Augustave se yon moun ki pase vi li san li pafè kont a pèsonn.


--
Twitter: Stanleylucas01
Si vous voulez vous faire des ennemis, essayer de changer les choses. 
Reply all
Reply to author
Forward
0 new messages