
Jodia safè 29 lane ke nan yon referendum sitwayen yo te ratifye konstitisyon 1987 la. Apre 29 lane ki bilan nou de konstitisyon sa? Eske li adapte a reyalite peyi a? Kisa ki mache e kisa ki pa mache ladan l? Eske pwoblèm lan se konstitisyon an ou eske se pèsonèl politik la ki pa kapab fè konstitisyon sa tounen yon reyalite nan mete amplas enstitisyon yo ak lwa ki dwe akonpaye l? Kijan nou santi nou jodia lè nou konnen ke Jocelerme Privert ki se youn nan moun ke laprès te idantifye kom moun ki te falsifye amandman konstitisyon an lè palman an tap esaye chanje l se li ki Prezidan a.i. peyi a? Si nou bliye klike la: http://www.haitilibre.com/article-5923-haiti-politique-rene-preval-et-un-senateur-auraient-falsifie-la-constitution.html Banmwen opinyon'w sou konstitisyon sa ki te dwe pèmèt demokrasi blayi. Apre 29 lane eske demokrasi a ak devlopman ekonomik blayi nan peyi Dayiti? Eske nou ka di jodia ke genyen yon sektè demokratik toutbon nan peyi Dayiti apre 29 lane konstitisyon e tout eksperyans ke nou viv yo? Apre 29 lane de konstitisyon kimoun ke nou kapab rele demokrat toutbon nan peyi a? Eske kraze, brize, boule fè de ou yon demokrat? Eske lè wap esaye jwen sa'w vle nan entimidasyon e nan pa respekte jwèt konstitisyonèl yo fè de ou yon demokrat? Ki kote nou ye ak demokrasi nou an apre 29 lane de konstitisyon

| From: Stanley Lucas Sent: Tuesday, March 29, 2016 12:01 PM Reply To: haiti-...@googlegroups.com Subject: [HaitiNation.org] #Haiti Konstitisyon 1987 la gen 29 lane |