Eleman entwodiksyon pou yon gramè kreyòl -2 Mòfoloji

313 views
Skip to first unread message

Hug...@aol.com

unread,
Jun 14, 2013, 8:11:43 PM6/14/13
to haiti-...@googlegroups.com

             

 

           Eleman entwodiksyon pou yon gramè kreyòl 2- Mòfoloji

                                          Hugues Saint-Fort

Pou grameryen tradisyonèl yo (retounen sou definisyon gramè mwen te bay lan kòmansman premye pati sou fonoloji a), mòfoloji se etid fòm mo yo, sa vle di fleksyon ak derivasyon. (Fleksyon gen rapò ak deklinezon mo - pou lang ki sèvi ak deklinezon - oswa ak konjigezon vèb; derivasyon se itilizasyon prefiks ak sifiks pou fòme mo nouvo). Lan definisyon sa a grameryen tradisyonèl yo bay mo mòfoloji a, yo opoze li a sentaks, ki defini tankou etid relasyon mo yo genyen antre yo lan yon fraz.  Nou wè tousuit poukisa mwen te di grameryen tradisyonèl lan lang oksidantal yo t ap chèche repwodui estrikti lang laten ak grèk lan pwòp lang pa yo (franse, angle, panyòl…).

Pou lengwis modèn yo, mòfoloji se etid  estrikti entèn mo yo, ansanm ak etid règ ki kontwole estrikti sa a. Donk, mòfoloji se pati lan gramè yon lang ki etidye ki jan mo yo estriktire.

Premye gwo kesyon etid mòfoloji soulve an lengwistik se ki sa yon « mo » ye. Lan laplipa lang, li pa fasil pou defini sa yon mo ye. Si nou pa konprann yon lang moun ap pale devan nou, l ap prèske enposib pou idantifye yon « mo » lan  lavalas pawòl  ki ap dewoule lan zòrèy nou. Pa egzanp, li kapab enposib pou yon moun ki pa konn anyen an kreyòl  idantifye ki kote yon mo kòmanse e ki kote yon lòt fini lan lavalas pawòl fraz kreyòl sa a ki ekri ann alfabè fonetik entènasyonal :

[Maʃinyopafèkolizyõsejõsĕpfwotmã]  (Valdman ak kolaboratè 2007), paj 259)

Men, si yo ekri yon fraz devan nou lan yon lang nou konprann,  n ap kapab idantifye yon inite lan fraz la swa paske nou pwononse li pou kont li, swa paske nou separe li avèk yon espas devan, yon espas dèyè. Donk, li sanble konsèp « mo » a ta sanble li plis genyen yon egzistans grafik. Se poutèt tout pwoblèm sa yo lengwis yo prefere sèvi ak konsèp « mòfèm » olye yo sèvi ak konsèp « mo ».

                                         

                                       Ki sa yo rele mòfèm 

Si lan analiz fonoloji lengwis yo defini fonèm tankou pi piti inite son lan yon lang, lan analiz mòfoloji, yo defini mòfèm tankou  pi piti inite lengwistik ki genyen swa yon sans, swa yon fonksyon gramatikal. Yo konn  rele li tou « monèm ». Lan yon mo,  nou kapab jwenn yon mòfèm, oswa plis pase yon mòfèm. Ann pran pa egzanp mo kreyòl « vòl » [vɔl]. Li pa kapab dekoupe ann inite sans ki pi piti pase sa. Donk, se yon sèl mo li ye, mòfèm lan ak mo a fè yon sèl. « Vòl » [vɔl] se yon mo ki fòme ak yon sèl mòfèm. Men, genyen inite ki pi piti pase yon mo e ki posede yon sans. Pa egzanp, si m ajoute sifiks « è » dèyè mo « vòl », vin genyen de (2) mòfèm : vòl+è (vòlè).  Mo « vòl » vle di (lan youn lan sans li) yon zak kote yon moun  pran sa ki pa pou li;  mòfèm  nominal « è » ajoute lide ke se yon   gason ki komèt zak sa a.  Si m ajoute yon « z », vin genyen yon twazyèm mòfèm ki endike se yon fi ki komèt zak sa a. Donk, vin genyen twa mòfèm: [vɔl+ɛ+z] vòlèz.    

Ki jan pou nou rive pwouve  yon inite se vrèman yon mòfèm ? Pou nou fè sa, se pou nou rive bay inite sa a yon sans ki non sèlman espesifik men ki estab. Nou dwe rive montre gen yon diferans ant yon mòfèm ak yon silab. Yon silab se yon ansanm fonèm ki gwoupe  youn dèyè lòt, men li pa fòseman genyen yon sans. Se sans inite a ki pèmèt fè yon distenksyon ant yon mòfèm ak yon silab.

Ann pran  yon egzanp: repondonng. An kreyòl, men tou an franse, oswa ann angle, prefiks « re » endike repetisyon, yon bagay nou fè ankò. Nou jwenn sa lan mo repwente, repran, repoze (repoze yon kesyon), refè, reli… Genyen yon mo pwente  e nou kapab ajoute  prefiks re devan li ; genyen yon mo pran e nou kapab ajoute  prefiks re devan li ; genyen yon mo poze e nou kapab ajoute  prefiks  re devan  li ; menm bagay pou refè ak  reli.  Lan senk mo sa yo, re fonksyone alafwa tankou yon silab e tankou yon prefiks.  Se pa konsa  li ye lan mo repondonng.  Li pa endike repetisyon paske  nou pa jwenn lide repetisyon an lan mo repondonng.  Epi, pa genyen mo pondonng an kreyòl.  Donk, nou oblije analize repondonng tankou yon sèl mòfèm.  

                  

 

                  Ki diferans ki genyen ant mòfèm lib ak mòfèm mare?

Lengwis yo toujou fè yon diferans ant « mòfèm lib » ak « mòfèm mare ». Yon mòfèm lib se yon mòfèm ki kapab fonksyone pou kont li san li pa akonpaye ak yon lòt mòfèm. Pa egzanp, dans, kanson, bòn, zwazo….  Lan egzanp mwen te bay anlè a, vòl se yon mòfèm lib.  Yon « radikal » se yon mo rasin. Sa vle di yon mo baz, ki pa chanje e ki kapab mache ak mòfèm mare dèyè li.  Men, re-, -è se mòfèm mare yo ye.  Yon mòfèm mare pa kapab fonksyone pou kont li. Li toujou bezwen yon lòt mòfèm ki pou akonpaye li. Mòfèm mare yo pa kapab parèt pou kont yo lan yon diksyonè. Men mòfèm lib yo kapab parèt pou kont yo lan yon diksyonè.  Prefiks tankou re- osnon sifiks tankou –è se kèk egzanp mòfèm mare.  Prefiks se non lengwis yo bay yon mòfèm tou kout ki konn parèt devan yon mo ; sifiks se non mòfèm tou kout ki konn parèt dèyè yon mo. Genyen yon tèm jeneral lengwis yo rezève pou toulede mòfèm sa yo: se afiks.

                                        Mòfoloji derivasyonèl              

Mòfoloji derivasyonèl etidye ki jan yo kreye mo nouvo lan yon lang. Se pa nenpòt kòman sa fèt lan lang kretyen vivan pale. Genyen règ sistematik lokitè yo itilize pou makònen mòfèm lib ak mòfèm mare lè y ap kreye mo nouvo. Lokitè yo gen konsyans règ sistematik sa yo egziste, yo sèvi ak yo lè yo bezwen fòme mo nouvo ki poko fè pati lang lan. Se sa lengwis yo rele « règ pwodiktif ». Genyen de (2) fason lan lang lan pou fòme mo nouvo. Se derivasyon ak konpozisyon. Ann kòmanse ak derivasyon. 

                                                Derivasyon

Derivasyon se youn pami lòt fason ki egziste pou kreye mo nouvo lan yon lang. Genyen derivasyon lè yo ajoute  yon prefiks  osnon yon sifiks swa devan swa dèyè yon radikal pou bay  yon mo  yon lòt siyifikasyon. Prefiks ak sifiks se mo mare yo ye. Yo pa kapab  fonksyone san pa genyen yon radikal ki mache ak yo. Se avèk derivasyon  anpil lang sèvi pou yo fòme mo nouvo, donk pou ogmante mas mo ki lan lang lan. Lè yon lokitè natif natal rankontre yon mo premye fwa, li itilize konesans kache li genyen sou fòmasyon mo lan lang li an pou konprann sans mo sa a. Tout lokitè natif natal genyen konesans kache sa a. Lengwis yo rele konesans kache sa a  « konpetans ».

                                                Konpozisyon

Yon lòt fason ki egziste pou fòme mo nouvo lan yon lang se sa yo rele « konpozisyon ». Genyen yon gwo diferans ant derivasyon ak konpozisyon. Lan derivasyon, nou fòme mo nouvo lè nou ajoute yon mòfèm mare, sa vle di yon prefiks osnon yon sifiks swa devan, swa dèyè yon mo baz (radikal). Lan konpozisyon, sa pa pase konsa. Pou genyen konpozisyon, nou dwe konbine ansanm de (2) mo baz,  de (2) mo radikal, sa vle di de (2) mòfèm lib. An franse, yon mo tankou belle-fille se yon mo konpoze ; ann anglè, yon mo tankou doorstop se yon mo konpoze ; an kreyòl, yon mo tankou gwo soulye lan fraz sa a « Pa okipe li, se yon gwo soulye » se yon mo konpoze. Lè nou mete ansanm de (2) mo baz, de (2) mòfèm lib pou fòme yon mo konpoze, mo nouvo sa a genyen yon siyifikasyon tou nèf ki kapab diferan de chak mòfèm  lib ki konbine ansanm. Yon belle-fille pa vle di yon fi ki bèl ; li gen yon sans espesifik ; menm bagay pou doorstop ; gwo soulye pa vle di yon soulye ki gwo. Li gen yon sans espesifik. Li vle di yon moun ki pa rafine, ki pa sofistike. Se yon siyifikasyon ki pa genyen anyen pou li wè avèk sans mòfèm lib « gwo » e sans  mòfèm lib « soulye ».Jeneralman, ann angle, yo ekri mo konpoze yo tankou yon sèl mo ; an franse, jeneralman, yo ekri yo avèk yon trèdinyon. An kreyòl, òtograf la varye.

Sa mande pou nou tounen sou pwoblèm defini sa yon mo ye. Pa egzanp, konbyen mo ki genyen lan akansyèl (lakansyèl) ? Youn ? De ? Twa ?  Yon kreyolofòn kapab li e konprann  mo lakansyèl  tankou yon sèl inite leksikal, ki gen yon sèl sans. An kreyòl, nou jwenn mo konpoze lan  prèske tout kategori leksikal : nou jwenn yo lan kategori non, lè de (2) mo konbine ansanm pou bay yon mo konpoze : kè pantalèt, ougan ason, manman penbèch,  pitit kay, dwèt jouda; lan kategori adjektif : piti piti, fèb fèb ; lan kategori vèb : mache prese, mouri limen, leve kanpe, koupe fache ; lan kategori advèb : anba anba. Men, li sanble se lan kategori non nou jwenn plis mo konpoze an kreyòl. Pami kategori sa a, laplipa parèt sou fòm (N N) non + non.  Egz. Manje lwa, bèf chenn, maryaj rezidans, sèvèl akasan. Men, nou jwenn tou mo konpoze  ki fòme avèk  (V N), tankou fann fwa, foule chay. Li sanble pa genyen anpil mo konpoze ki parèt sou fòm (Adj Adj) adjektif + adjektif. Men, genyen mo konpoze ki parèt sou fòm (N N A) doktè moun fou, (V N N) chache (chèche) trip foumi.

                   

                      Diskisyon sou egzistans mòfoloji lan lang kreyòl yo

Kesyon egzistans mòfoloji lan lang kreyòl yo soulve plizyè kesyon ki debouche, dapre sèten lengwis, sou idantite lang sa yo. Men ki jan pwoblèm lan poze.

Laplipa lang ewopeyen yo fè pati diferan fanmi lang. Espesyalis yo kapab retrase istwa lang sa yo e montre ki kote yo sòti, ki lang ki zansèt yo. Pa egzanp, zansèt lang franse osnon lang panyòl se laten. Pa gen moun ki pale laten ankò men nou kapab retrase chemen lengwistik ki mennen sòti lan laten pou rive lan franse. Se sa ki fè yo rele gwoup lang tankou franse, panyòl, italyen, pòtigè, woumen, lang womàn. Senk lang sa yo se evolisyon laten yo ye. Laten se lang moun te konn pale lan vil « Rome » osnon lan anpi  women  pandan peryòd « Antikite ». Yo rele moun save ki espesyalize lan kalite etid sa yo « filològ konparatif ». Travay yo se klase lang dapre jan yo panse lang sa yo evolye. Metòd savan sa yo itilize rele « metòd konparatif ».  

Pou yon seri lengwis, akoz kondisyon ki te pèmèt lang kreyòl yo pran nesans (esklavaj, travay lan plantasyon, rapò lengwistik oral avèk kolon ewopeyen) li pa posib pou fè menm travay retrase chemen lengwistik sa a lan etid lang kreyòl yo. Pandan lontan, te genyen anpil moun (menm  lengwis) ki te panse lang kreyòl yo te yon fòm enferyè lang ewopeyen (franse, angle, panyòl, pòtigè, olandè) ki te founi lang kreyòl yo majorite mo ki lan leksik yo. Lengwis sa yo te panse lang kreyòl yo pa te lang ki otonòm  e  yo te depann de lang ewopeyen yo. Pou lengwis sa yo, yon lang kreyòl se yon lang ki parèt lan kondisyon « ekstraòdinè » kote de (2) kominote lengwistik ki pa pale menm lang  oblije kominike youn ak lòt toulejou gras a yon fòm lang moun rele pidgin.  Apre yon sèten tan,  pidgin sa a sèvi kòm lang matènèl pou timoun ki fèt e viv lan kominote sa a. Li vin evolye, li vin genyen yon leksik ki pi gran, yon sistèm règ gramatikal ki pi konplèks  epi  plis moun pale li lan sosyete a. Yo rele varyete lang sa a kreyòl. Li enpòtan pou m di gen anpil kritik ki fèt sou definisyon sa kèk lengwis bay sou kreyòl. Genyen lengwis ki montre  ke kreyòl ayisyen  pa te pase lan yon estad  pidgin anvan li te rive yon kreyòl.

Donk, pou lengwis sa yo, lang kreyòl yo pa gen zansèt menm jan lang ewopeyen yo ak tout lòt lang sou latè genyen zansèt. Se yon seri lang ki pa menm jan ak lang  moun pale sou latè.  Youn lan egzanp sèten lengwis renmen pran se egzanp mòfoloji lan lang kreyòl yo. Pandan lontan, majorite lengwis ki t ap etidye lang kreyòl yo te di ke lang sa yo pa  genyen resous mòfolojik osnon  se yon tikras resous mòfolojik yo genyen lè nou  konpare yo  ak michan zouti mòfolojik lang leksifikatris la (franse, angle…) genyen. Yo montre ke lang kreyòl yo an jeneral se yon gwoup lang ki senp, ki pa genyen enfleksyon vèbal, ki pa genyen yon mak pliryèl pou non osnon atik…

Men pandan dis ou kenz lane ki sot pase yo, plizyè lengwis te atake tèz sa yo. Youn lan lengwis ki te kòmanse batay sa a se  lengwis ayisyen Michel DeGraff, pwofesè lan inivèsite MIT. Pami anpil etid li fè sou kesyon  mòfoloji an kreyòl ayisyen, gen youn kote li trete kesyon sa a afon. Etid sa a rele « Morphology in Creole genesis: Linguistics and ideology » (2001). Lan etid sa a, DeGraff jete yon koudèy lan Listwa pou chèche konprann poukisa lengwis kreyolis yo te neglije etidye kesyon mòfoloji kreyòl, e poukisa anpil moun kwè lang kreyòl yo pa genyen mòfoloji. Pou pwofesè DeGraff, « certain methodological aspects of Creole studies are ultimately rooted in the colonial and neocolonial ideologies that characterize the genesis and development of Creole languages. » (gen kèk aspè metodolojik etid kreyòl yo ki pran rasin dirèkteman lan ideyoloji kolonyal ak neyokolonyal ki se mak fabrik jenèz ak devlòpman lang kreyòl yo.) [tradiksyon mwen]. DeGraff idantifye omwen sèz resous derivasyonèl (twa prefiksasyon, dis sifiksasyon, yon mo konpoze, yon rediplikasyon – Ti-Yèyèt, Ti-Sonson, ti-chouchou - , yon apokòp, lan yon bout pyès teyat li prezante tankou yon vèsyon kreyòl pyès teyat Corneille, Le Cid. Lan menm etid sa a, DeGraff idantifye 26 afiks ki fini an –syon an kreyòl. Li montre ki jan sifiks sa a pwodiktif e regilye an kreyòl pou li demanti lengwis Albert Valdman ak Claire Lefebvre ki te deklare –syon pa pwodiktif an kreyòl. An plis sifiks –syon ki genyen yon gwo pwodiktivite an kreyòl, DeGraff idantifye sifiks –adò ki bay mo nouvo lan sistèm mòfolojik kreyòl. Li site mo kreyòl tankou babyadò, vantadò, petadò, mantadò…epi li montre ki jan sifiks kreyòl –adòis structurally distinct from Spanish –dor”.

Kontrèman a lengwis ki di kreyòl ayisyen ak lòt lang kreyòl yo pa genyen zouti pou yo kreye mo nouvo lan sistèm mòfolojik yo, DeGraff vini avèk prèv pou li montre se pa vre. DeGraff di « we really are in the presence of creative word formation patterns that can be reduced neither to relexification as Lefebvre claims, nor to simplex unproductive fossilizations (e.g., Hall’s “Gallicisms’’), nor to Valdman’s “pseudo-French hypercorrections’’ or borrowings. » (nou vrèman an fas modèl kreyatif pou fòmasyon mo. Nou pa kapab redui modèl sa yo sou fòm releksifikasyon jan Lefebvre ta vle fè nou kwè, osnon tankou ansyen mo ki pa pwodiktif ankò (sa Hall rele ‘’Gallicisms’’, osnon sa Valdman rele ‘’ipèkoreksyon swadizan franse’’,  osnon yon seri mo lang lan prete.) [tradiksyon mwen].

Pou DeGraff, « HC manifests a robust set of productive affixes that allow lexical expansion from HC’s internal morphological resources. » (Kreyòl ayisyen montre li genyen yon michan gwoup afiks pwodiktif ki pèmèt kreyasyon plis mo dapre resous mòfolojik entèn lang kreyòl genyen.) [tradiksyon mwen].

Pwochen atik mwen an ap sou sentaks kreyòl ayisyen. 

Hugues Saint-Fort                

Reply all
Reply to author
Forward
0 new messages