Re: Kiles ki responsab Fanmi Lavalas? Pati-a fann an miyet moso

0 views
Skip to first unread message

G. Stanley Lucas

unread,
Sep 18, 2009, 1:39:37 PM9/18/09
to VIN...@yahoogroupes.fr, serge, HaitiNation, Haiti Connexion
Deskripsyon ke ou bay de Fanmi Lavalas reprezante reyalite ampil pati poplitik an Ayiti. Nan Peyi nou pati politik yo chita sou yon moun, lakay pati politik pa enstitisyon e se pousa nou genyen ampil pwoblem politik.

Dejoie mouri PAIN pa egziste anko, li disparet
Dezilme mouri PNT pa egziste anko li disparet
Theodore mouri MRN pa egziste anko li disparet
Sylvio Claude mouri, PDCH pa egziste anko li disparet
Gerard Pierre Charles mouri, OPL preske disparet
Aristide pati, Fanmi lavalas pa genyen lide, pesonn pa kapab deside kiles ki dwe al reprezante pati a nan eleksyon pou senate

Fok nou konstwui pati politik ki se enstitisyon kote lide ap pase pati a rete amplas, solid kon bass. Ozetazini Clinton pase, Al Gore pase, John Kerry Pase pati demokrat la pired. Bush papa, Dole, Bush Fils, Mc Cain pase pati repibliken a la pired. Fok an Ayiti nou konstwui des pati ki chita sou prensip, sous apwoch enstitisyonel. Fok nou kraze filozofi ki vle ke yon pati chita sou yon moun.

Stanley Lucas
Pa bliye vote sou zafe etidyan ak sou amandman konstitisyonel klikez sou: www.solutionshaiti.blogspot.com 

2009/9/18 patrickjean8562 <patrick...@yahoo.com>
 



Kilès ki responsab fanmi lavalas?

Pati-a fann an miyèt mòso

Apre ranvèsman lidè Fanmi Lavalas la, ansyen prezidan Jan Bètran Aristid, tout mounn kapab konstate chirepit pasi pala ki genyen anndan pati sa-a, ki se pi gwo fòs politik ann Ayiti. Men depi apre , dat koudeta 2004,George Bush, Bakè, Apèd, Gi Filip elatriye lage latwoublay nan Fanmi Lavalas, yon fason pou kapab mete mas pèp la kanpe lwen politik. Kòm ekzanp eleksyon lejislativ pasyèl ki sot fèt yo, kote René Préval ak ansanm ak manm KEP li-a, te ekate Fanmi Lavalas nan eleksyon sa yo akoz divizyon ki genyen anndan pati-a. Men jiskaprezan Jan Bètran Aristid, pa janm di aklè ki mounn li pa bay dwa pou pran desizyon nan non Fanmi Lavalas. Sa lakòz pati-a, tounen yon gato kote chak mounn ap pran ti kal pa yo.
Nan sans-a, gen yon gwoup nèg ki di yo se Lavalas mete yon nòt nan Lari sou non Ralib pran pozisyon nan non Fanmi Lavalas kòmkwa pati-a chanje non daprè pawòl k'ap pale. Mesye an nou serye, pa vi-n lage plis latwoublay anndan Fanmi Lavalas. Paske se elmi-a, n'ap bay mete pye sou kou nou. Poukisa se alapwòch eleksyon 2010 yo, gwoup sa-a, mete tèt li deyò? Kote mesye sa yo soti? Se sak fè anpil mounn ap klewonnen Fanmi Lavalas kraze akoz divizyon sa yo. Nou kapab rann ansyen prezidan Aristid responsab de tout pwoblèm ki gen anndan pati-a. Paske malgre tou sa k'ap pase yo li pa janm di anyen. Èske li gen enterè nan latwoublay ki gen nan Fanmi Lavalas la? Pouki li pa janm deziye yon lidè pou pati-a? Èske Fanmi Lavalas ap patisipe nan pwochèn eleksyon yo?

Ane ki pral vini-a, pral gen eleksyon prezidansyèl ann Ayiti. Dejà gen anpil ak yon pakèt kandida ki mete tèt yo deyò. Men jiskaprezan poko gen anyen ki klè bò kote Fanmi Lavalas. Li ta bon pou nimewo 1 pati-a, ta di klèman si y'ap patisipe nan eleksyon prezidansyèl yo. Oubyen èske y'ap kite KEP Préval la ekate yo nan kous la yon dezyèm fwa?

Ekip prezidan Preval la ansanm ak kominote entènasyonal la pa ta renmen Fanmi Lavalas patisipe nan okenn aktivite politik ann Ayiti. Paske yo konnen Fanmi Lavalas gen yon gwo pati nan peyi-a, k'ap mache avè l jiskaprezan. Pi bonè se granm maten manm pati-a toupatou dwe remete tèt yo ansanm touse ponyèt yo, mete fen nan chirepit la, pou patisipe nan pwochèn eleksyon yo. Pou pita pa pi tris. Paske gen gwo konplo k'ap mare pou lavalas pa patisipe nan okenn eleksyon. Sak vle tande. Tande!

Patrick Jean

__._,_.___
Vision pour une nouvelle société haitienne (VINOUSH)

Toute société qui prétend assurer aux hommes la liberté, doit commencer par leur garantir l'existence. Notre première priorité est d’assurer le minimum vital à nos compatriotes restés au pays, aider nous à réaliser cet objectif.

Aujourd'hui nous sommes 2132 qui se donnent corps et âmes pour réaliser ce grand projet, et nous disons merci à l'avance à tous ceux qui veulent y prendre part.

secre...@vinoush.com
http://vinoush.com
Activités récentes
Aller sur votre groupe
Yahoo! 360º

Partagez l'essentiel

Blog et photos avec

vos proches.

Yahoo! Groupes

Créez votre groupe

Partagez vos goûts

avec les autres.

Y! Toolbar

100% gratuit !

En 1 clic, accédez

à vos groupes.

.

__,_._,___



--

Reply all
Reply to author
Forward
0 new messages