Pierre
Le pli souvan moun kap palé bokor ak ougan mal se klian ki deja kanzo ou ki deja finn reglé zafè yo.Pafwa tou se fason pa yo pou moun pa konn zafè yo. Yo pasé kat red, yo pasé limiè red, yo resité Orezon pi bien pasé pè ak pastè e sak pi red la, yo Legliz chak Dimanch avan tout moun avek la sent BIB anba zesel yo.
Bagay Legliz
pil sou pil sa benefisyé yon sektè paské fonksyon yo se ampeché moun chita pou yo pansé sou kondisyon jan yap viv E Fè TOUT SA YO KAPAB POU MOUN POV PA RELE ANMWE.
Se yon fason tou pou elwayé moun ki vlé konnen bon Djé pou yo pa janm rankontre l. Yap vann yon imaj interè yo pou bon Dje.Yap promet moun yon lavi miyor nan yon lot monde tandi ke bon Djé vle ke tout moun viv avek diyité avan je'w fermen.
Ou trouvé bagay sa tout koté povreté blayi e ke gen chans pou moun levé kampé di sè-a-sé.Si'w Voyajé nan peyi Meriken, wap dekouvri koté ki pi rasis yo se kote ki gen plis legliz par kilomot karé. Par ezamp si'w pran I-57 pou
alé Louisiana, preske chak exit gen yon legliz Le'w finn pasé Memphis.Si'w pran I-20 ou I-10 East-west se menm bagay la wap observé de Georgia a Louisiana.
Si'w Mexico wap wè legliz pil sou pil nan coloni popilé tankou Ajusco si w pran metro université Unam. Nan Sud peyi a depi Veracruz jiska Chiapas se menm bagay.Guatemala juska Nicaragua , wap sezi wè
kouman bagay sa bien planifié paske ou trouvé fenomen sa kote ki gen moun pov e kote tou rasism pran rasin.Legliz katolik pa reté deyè e yo eseyé reponn avek mouveman karismatik la men yo depasé.
Men sa ki pi enpresyoné m sè ke ampil pastè yo pa gen movez fwa. Yo kwè tout bon ke yap solusyoné yon problem e ke vreman yap fè travay bon Djé.
Willy Pompilus
___________________________________________________________________