Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen

0 views
Skip to first unread message

MasterChes

unread,
Jun 30, 2008, 4:03:45 PM6/30/08
to Haiti Mission
Fok nou defann lang nou an, ann ale !

Gade :
*Ansiklopedi ayisyen : http://ht.wikipedia.org
*Paj pwojè MasterChes : http://www.masterches.net
*Vokabilè : english-kreyol http://forum.masterches.net/dictionary/eng-ht.html

Tout moun gen dwa patisipe nan pwojè sa, ann ale.

Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen
===============================================
Dapre Iv ak Pòl Dejan nan liv ki rele (EKRI KREYÒL FASIL), nenpòt moun
kapab ekri kreyòl avèk twa ti prensip sa yo

Men lèt nou jwenn ki ret nan wòl yo, nan pawòl nou fèk li yo:


Prensip 1: Chak lèt ret nan wòl yo
a nan: katreven, drapo, ap, aprann, chak, ak, twa, aba, lavi, lamizè,
pàn, lagè, travay.
an nan: san, aprann, nan, kouran, lasante, manje, grangou
b nan: aba
ch nan: chak, cho
d nan: drapo
e nan: me, katreven, inivèsite, se, elèv, pwofesè, ekri, kreyòl,
montre, lasante, manje, lekòl, ret
è nan: nèf, fèt, elèv, pwofesè, lèt, chè, lamizè, lapè
en nan: katreven, fen, prensip, lenjistis
f nan: nèf, fèt, fen, pwofesè
g nan: lagè, grangou
i nan: dizwi, mil, inivèsite, viv, lavi, lamizè, lenjistis, ekri, ti,
prensip
j nan: lenjistis, manje
k nan: katreven, ekri, kreyòl, chak, kouran, lekòl
l nan: mil, elèv, kreyòl, lòt, lèt, wol, lenjistis, lavi, lamizè,
lagè, lasante, lapè, lekòl
m nan: me, mil, moun, montre, lamizè
n nan: nèf, inivèsite, moun, aprann
o nan: drapo, yo
on nan: onz, montre
ou nan: tout, moun, kouran, pou
p nan: drapo, pwofesè, ap, prensip, pan, lapè
r nan: katreven, drapo, aprann, ekri, kreyòl, montre, prensip, ret,
kouran, travay
s nan: inivèsite, se, pwofesè, prensip, lenjistis, lasante
t nan: katreven, fèt, inivèsite, tout, montre, lèt, twa, ti, lòt, ret,
travay
ui nan: dizwi, (dizwit lè li tousel )
v nan: katreven, inivèsite, elèv, lavi, viv, travay
w nan: pwofesè, twa, wòl
y nan: kreyòl, yon, yo, travay
z nan: dizwi ( dizwit), onz


Prensip 2: Chak son ekri menm jan

Anpil egzanp montre nou sa twazyèm prensip la ye, espesyalman lè nou
gade dènye lèt ki parèt ladan yo. Twazyèm prensip la se:

Prensip 3: Nanpwen lèt ki bèbè, ki initilNou wè sa nan: bab chich rad
nèf nèg paj chak mil chanm moun ap aprann lenjistis tout viv kaw
travay onz. Kalkile prensip sa yo byen. Gade ki jan tout koze ki nan
fèy sa a ekri. Suiv modèl yo byen. Epi, ekri tout bèl pawòl ki nan tèt
nou, fasil.

Koutwazi : Biwo Nasyonal Alfabetizasyon ( 18 me 1991 )
Reply all
Reply to author
Forward
0 new messages