Pati politik Mouhvhe. Not pou laprès.

1 view
Skip to first unread message

D'HAÏTI Edwin

unread,
Aug 11, 2021, 2:24:06 PM8/11/21
to Mouhvhe HAÏTI, Caraibes FM Patrick MOUSSIGNAC, grands...@yahoogroups.com, debana...@yahoogroupes.com, haiti-...@googlegroups.com, Haiti Press NetWork, Haïti Libre, Rezo Nodwes, Alter Presse, Calvin (Liaison média Présidence et diaspora) CADET, Radio Haïti Internationale, Radio Indépendance Fm, Radio Xplosion, Radio Télé Boston, Radio Tête à Tête, Guy (Télésud) REGISTE, Milouse DENIS, Reynold Junior MENDES, haitian...@yahoogroups.com, Radio Scoop Fm, Radio Kyskeya, kysk...@yahoo.com, KONAKOM, kiskeyacons...@gmail.com, Le Nouvelliste, Roberson (Nouvelliste ALPHONSE, Monica LAJOIE, La Presse Haïtienne PRESSE.HT, Forum Culturel, Edwin D HAÏTI, R.M-Gabrielle Monnard-Louis, Rédaction Journal Lenouvelliste, Rédaction Journal Lematin, Alex Saint Surin

NÒT POU LAPRÈS 

Réf : #0003. 

Jounen mèkredi 11 dawou 2021, 

Pati politik #MOUHVHE ki se Mouvman kap chache pyese kole Ayisyen kap viv an Ayiti tankou lòtbò dlo, (Mouvement Unifié des Haïtiens Vivant en Haïti et à l’Etranger) salye laprès an jeneral ak pèp Ayisyen fanm ak gason vanyan an patikilye toupatou ki se de veritab patriyòt.  

Fas ak kriz enstitisyonèl ke enmi nou yo lage peyi a, li enpòtan pou nou Ayisyen konsekan #KaleJeNou byen gran pou nou konprann e wè byen ki wout pou nou pran ak peyi nou ak desten nou.  

Se pou sa nap pwopoze a nasyon an yon fèy de wout ki gen 7 pwen.  

7 pwen sila yo ki pou pati a se pi gwo souflèt marasa ke nou tap bay enmi nou yo ak fòs fè nwa yo ki toujou renmen wè nou youn ap goumen ak lòt ak nan pote kwi nou ak dlo nan je nou ba yo. 

Men sa nou pwopoze : 

Mete kanpe sou pye yon KONSÈY NASYONAL SOUVEREN (KNS) an fòm de Gouvènman Sali Piblik avèk 1 manb nan chak depatman peyi a ak 1 manb nan chak kontinan dyaspora nou yo ap evolye pou yon total de 15 manb ak yon fèy de wout pou 5 kan.  

Peyi a pa bezwen prezidan pwovizwa pou vini separe kontra bay ti zanmi ti fanmi ak ti klan kowonpi, ni tou nou pa bezwen eleksyon seleksyon koulye a. 

Nan 15 manb Konsèy Nasyonal Souveren an yap antann yo pou yo gen yon chèf konsèy. Tout desizyon kap pran se desizyon majorite a kap prime. 

Men fèy de wout la : 

1)      Fonde linite Ayisyèn nan atravè yon akò global de gouvènans kap otodetèmine konviksyon ak chwa nasyon an pou pran vwa estabilite ak devlopman. 

 

2)      Ranfòse relasyon jewopolitik Ayiti ak peyi tankou Chine, Venezwela, Kiba, Risi elatriye… 

 

3)      Rewè ak reyevalye relasyon peyi Dayiti ak peyi tankou Meriken, Vatikan, Kolonbi, Sendomeng, Kanada, Frans, peyi Kògwoup yo, òganism tankou OEA, ONI, Binuh elatriye… 

 

4)      Pran kontwòl total peyi a, netwaye ak ranfòse lapolis ak lame pou pèmèt sekirite, lavi ak biznis reprann nan tout peyi a. 

 

5)      Nasyonalize tout byen ak biznis prive kowonpi demeplè yo, espyon ak trèt nan peyi a. 

 

6)      Konvoke Dyalòg ou Deba Nasyonal la. Elabore ak adopte yon nouvèl konstitisyon enklisif nan referandòm. 

 

7)      Òganize remèt pouvwa a rezolisyon ki sòti nan Dyalòg ou Deba Nasyonal la. 

Nap raple pou tout moun ke pati #MOUHVHE ap toujou rete akwoche ak ideyal zanzèt yo, sa vle di kreye kondisyon pou emèjans yon peyi #Lib, #Endepandan ; #Pwospè, #Egalitè ; yon #LetaFò pou tout pitit li yo ; yon Nasyon ki fè listwa e ki dwe rete yon vrè modèl #Demokrasi pou tout pèp sou latè. 

 

Ayiti pap peri ! 

Ayiti pap mouri ! 

Viv Ayiti ! 

#MOUHVHE

 

Pou Pati a : 

 

 

 

 


Not pou Laprès pati MOUHVHE mwa dawou 2021.pdf
Screenshot_20210811-182825_Word.jpg
Screenshot_20210811-183313_Word.jpg
Reply all
Reply to author
Forward
0 new messages