Message à la nation haïtienne.
Edwin D'HAÏTI président du parti politique MOUHVHE.
Mouvement Unifié des Haïtiens Vivant en Haïti et à l'Etranger.
18 mai 1803 – 18 mai 2022 = 219 ans de commémoration de la fête du drapeau et de l'Université en Haïti.
Mesaj pou pèp Ayisyen an.
Edwin D’HAÏTI, Prezidan pati politik #MOUHVHE
Mouvman kap chache Kole ak Pyese tout Ayisyen kap Viv anndan ak deyò peyi a.
Nan okazyon 219 van komemorasyon fèt drapo ak inivèsite peyi Dayiti.
18 me 1803, sòti nan gran Kongrè pou tèt ansanm nan Akayè ; pou rive nan 18 me 2022 kot tout Ayisyen divize, sa fè 219 van de batay sann pa janm rive nan Rekonsilyasyon Nasyonal ke zanzèt nou yo te pase lòd la.
Premye fwa ke Ayisyen pral divize tout bon se nan peryòd yo asasine fondatè nasyon an, Amperè Jean Jacques Premye Jean-Jacques DESSALINES.
Fòk nou ajoute nan lis la, plizyè sektè relijyon ak sèk konfreri fran maison yo ak roz kwa elatriye…ki yo menm òganize kont enterè vital tout nasyon an sa nou kapab rele lavaj sèvo elite peyi a ki te sipoze gadyen sekirite ki ta dwe ede nan pwoteje ak
kontinyte kenbe di kwè yon siman nanm revolisyon nasyon Ayisyèn nan. Yo kontribye anpil nan salmanaza nou ye jodia e se yo ki deposede tout peyi a de gran fanmi sa ki se elit la e ki ta dwe sèl pon ke Ayiti te ka konte sou li.
Elit tout kalte nou yo ak tout plimay sa yo kite yo pyeje yo tankou yon ti bebe tèkgèdèk nan rantre je fèmen san gade ni devan ni dèyè nan modèl oksidan an tank nan zafè relijyon ak espirityèl e se konsa yo vann tout nanm yo bay lisifè.
Nou menm pèp Ayisyen pou sa ki rete Moun toujou yo, defèt gwo batay istorik nou an nou kapab rezime li ak kèk nan rezon nou pral ba nou la yo.
1) Lonje dwèt jouda yo ak Foure kò yo tout longè swa disan relijyon jideyo kretyen yo nan tout sòs nan sosyete nou an.
2) Dezòd ki gen nan sèk konfreri ezoterik yo.
3) Systèm edikasyon nou ki kontwole.
Ann fè yon ti kanpe gade sistèm edikasyon nou an.
Gen yon gwo divizyon bab ak moustach sou fason lekòl nou yo òganize. Nan bèl peyi nou an ki gen youn nan istwa ki pi bèl sou latè, gen sa nou rele lekòl riral yo, nasyonal yo, kominal yo, frè enstriksyon kretyen yo, frè sakrekè yo, frè, mè ak pè salezyen
yo, lekòl kongreganism yo, lise yo, kolèj yo, swa dizan fakilte yo, inivèsite yo, lekòl pwofesyonèl elatriye… ki anpeche Ayisyen ak jenès li a antann yo sou vrè valè ak konpòtman sosyal ak politik inik yo dwe genyen o bon moman ak kote sa dwe fèt.
Yon tèl sitiyasyon anpeche Ayiti granmoun tèt li e kapab reflechi sou pwòp systèm edikatif li.
Nan modèl edikatif sa nou gen la, nou pap jwenn okenn kote konesans anpirik nou yo ki te montre n kòman pou nou viv an kominote. Kan yon pèp pa kapab pwodwi pwòp konesans li, pwòp refleksyon li pou sovgade l ak difize l pou jenès li ak avni li, li kondane
poul disparèt.
Sa ki rive a Ayiti cheri nou an, sèke enpak akiltirasyon ak asimilasyon ki tounen yon gwo kansè nan sistèm edikatif nou an se li ki metel plat atè.
Katriyèm rezon an : Se enstitisyon politik nou yo.
Les institutions politiques héritées du temps de l’esclavage ne permettent pas aux Haïtiens de s’en sortir ensemble.
Nous nous comportons comme des citoyens qui n’est pas un comportement mauvais en général. Cependant, le citoyen étant le modèle de l’individu en occident; or, dans le milieu paysan haïtien, c’est la communauté qui est au cœur et au-dessus des individualités.
En cela, le citoyen est en dessous parce que c’est l’intérêt de la communauté qui passe avant tout d’où la nécessité de développer et de sauvegarder le sentiment patriotique.
Aujourd’hui, nous assistons à des conflits sans fin qui existent entre des citoyens de plusieurs quartiers qui prétendent parler au nom d’une communauté inexistante alors qu’en réalité la vraie communauté est là et qu’elle paie encore les pots cassés.
A cela, il suffisait de leur demander comment Haïti s’était organisée sur le plan ancestral, ils vous diront tous qu’on aurait vu de meilleurs résultats.
Pour bien comprendre Haïti, il faut refaire son histoire. Quand on refait son histoire, on fait parallèlement sa sociologie. Quand on veut comprendre sa sociologie, on comprend aussi sa région.
Les sciences économiques et les sciences politiques sont des visions du monde fonder à partir d’une région. Le drame d’Haïti est le suivant : l’église imposée a obligé l’élite à quitter sa tradition comme si par essence elle est opposée à son origine et
à la modernité.
En voici quelques points de divisions et quelques points de convergences :
Les recommandations de Gaspard Théodore MOLLIEN ;
Les recommandations de Russel et Caperton ;
Les congrès patriotiques Haïtiens ou de réconciliation ;
Les recommandations de Mollien :
Comme disait si bien Joseph SHANAHAN : « Si tu contrôles l’éducation, tu vas contrôler le pays et le peuple. Tu contrôleras du coup la religion et l’avenir des gens.
« La France doit envoyer en Haïti des enseignants et des prêtres pour former et instruire une élite haïtienne ;
La France ne doit jamais rien faire pour contrarier les élites mulâtresses. » Car les mulâtres sont plus des alliés de la France que des alliés d’Haïti ;
Nous devons nous concentrer de manière à modeler l’esprit des Haïtiens pour qu’ils croient qu’ils sont des Français ;
Nous devons formater et conditionner l’esprit des Haïtiens pour qu’ils ne consomment que des produits de culture française ;
La France doit fonder un journal français pour renforcer son influence et la suprématie de la France en Haïti.
Mollien a dit que les prêtres que la France doit envoyer en Haïti doivent venir d’une région particulière. Il précise qu’ils doivent venir de la Bretagne et il explique pourquoi : « les prêtres Bretons sont racistes, esclavagistes, royalistes, ils sont
contre la révolution française. Ils vont reproduire les mêmes préjugés que pendant l’époque coloniale.
La suite des recommandations de gaspard-Théodore MOLLIEN c’est la signature du concordat de 1860. Après la signature du concordat le ministre de l’éducation nationale monsieur Elie DUBOIS a dit : « On va impulser une nouvelle culture pour Haïti »
A partir de la signature du concordat le 28 mars 1860, le Vatican et le quai d’Orsay vont s’entendre à travers la société missionnaire Saint-Esprit qui a dépêché en Haïti : de 1860 à 1940 : 15 évêques, 840 prêtres dont 744 Bretons selon Philippe DESLILE.
De ce fait, l’école va reproduire les mêmes inégalités, les mêmes préjugés et les mêmes polarisations sociales.
Les recommandations de Russel et Caperton
A partir de l’occupation américaine l’amiral Caperton et le général Russel vont forger une doctrine pour exacerber l’aliénation dans ce pays, tout en imitant le modèle de Gaspard Théodore MOLLIEN.
Voici ce que disent l’amiral et le général :
« Il s’agit pour nous, comme race étrangère, de dominer et d’orienter une deuxième race étrangère qui est l’élite haïtienne, contre une troisième race étrangère les masses haïtiennes »
La religion catholique par ses écoles a divisé les Haïtiens tout en reproduisant le schéma du système colonial. C’est-à-dire la France est partie en 1804, elle a laissé des relais sur pour perpétuer l’esprit du code noir. Les Américains vont se servir
des églises protestantes pour asseoir leur domination. Pour ce faire, ils ont utilisé trois choses :
Chaque église protestante doit avoir une école, faire des œuvres de charité tout en subventionnant ces églises ;
Les églises protestantes vont diviser les haïtiens en le présentant plusieurs Jésus : Les Adventistes, Méthodistes, Témoins de Jéhovah, Pentecôtiste etc... les Haïtiens se battent pour défendre leur appartenance à l’une de ces titres qui sont en fait tous
chrétiens sans comprendre que tous ces Jésus (nan po krab) de pots de chagrin n’ont rien avoir avec eux, au lieu de se battre pour la création de la vraie Nation Haïtienne
De 1915 à 1940, ils ont envoyé plus de 40 divisions de missionnaires en Haïti.
Les protestants divers et variés vont se critiquer entre eux en fonction de leur Jésus propre, catholique contre protestants, protestants et catholiques contre vodouisants etc…
Donc, l’éducation religieuse, citoyenne et scolaire d’Haïti ont été décidé par : le Vatican, le quai d’Orsay et par le Département d’Etat Américain.
Les Congrès patriotiques Haïtiens ou de réconciliation.
Se chimen Kongrè Rekonsilyasyon pou nou pran ak peyi a.
Nou dwe konprann ka chak fwa Ayiti ap chache sòti tèt li lap retrouvel vle pa vle nan pase l.
Men kèk ekzanp de Rekonsilyasyon nou te fè :
Pou mete yon pwen final nan zafè esklavaj kolon yo, fòk te gen yon gwo konplo sòti 14 pou rive 22 dawou 1791. Kongrè sila se te okazyon pou fè esklav yo reprann konsyans yo.
8 dawou 1802, se te Kongrè rekonsilyasyon ant Dessalines ak Petion nan plezans di nò.
Kongrè sòti 14 pou rive 18 me 1803 nan Akayè ki te fèt pou kole pyese kòmandman militè revolisyon an ki te an mach.
Se pou sa, jodi 18 me 2022, fòk nou gen kouraj pou nal chache nan pase de gwo pèp nou solisyon a tout pwoblèm nou genyen jounen jodia.
Konklizyon.
KaleJeNou konpatriyòt, veye anwo, veye anba. Enmi nou yo, ansyen kolon yo tèlman fò, yo fè menm rat kay la se li kap manje pay kay la. Yo tante tout salte ak nou, pou yo wè si yo ta rive efase nou kòm pèp, kòm nasyon sou ti bout tè sakre sa ke zanzèt nou
yo, te swe, te bay san ak mouri ki te pou nou an kòm eritaj ki se te pri gwo jefò ak sakrifis yo.
Yo eseye ak kou deta, nada. Yo detwi sistèm akrikilti nou, yo kraze ekonomi peyizan nou yo nan touye kochon kreyòl yo. Yo mete anbago komèsyal sou nou, yo tounen ak bòt kolon militè sou tè sakre nou an ; yo planifye yon jenosid 12 janvye 2010 e yo vòlò
pase 14 milya lajan ke kèk pèp ki te sansib ak nou te bay pou rekonstwi peyi a. Distribisyon kolera ak Minista ; Chikoungounya, Kovid19, enpòtasyon ak distribisyon gwo zam fanm fwa nan katye popilè yo ak geto yo kòm si peyi a gen Utou ak Outi peyi Rwanda ladan
li. Zak asasinay kraze zo ak spektakilè ke FBI, DEA, depatman deta ak kèk oligak ak malfektè isi fè sou prezidan Jovenel Moïse pandan li an fonksyon ; mete ak kenbe nan pouvwa a tout kriminèl, tout dilè dwòg, tout kidnapè ak bann asasasen prezidan Jovenel
yo. Kouri dèyè popilasyon an pou yo pran lafwit kite kay yo, tout zafè yo ak peyi yo vè lòt destinasyon ke yo pa konnen ; mete kanpe yon titèl san non ki gen 3 tèt kap dirijel : Bini, gang kògwoup ak anbasad meriken. Pou nou site sa yo sèlman.
Malgre tout sa yo fè nou pou yo fini ak nou, nou la pi rèd pase yon konkon makak. Yo pap ka jwenn bout nou paske nou fèt ak san matyr zanzèt nou yo. Rasin nou yo plante fon nan tè, yo anpil e yo rezistan.
Avèk gran pati rasanblè MOUHVHE sa a, ki gen ladan li gwo Ayisyen Konsekan, Otantik ak Patriyòt ki sòti tout kote nan mond lan ki se Mouvman kap chache kole ak pyese tout Ayisyen kap viv anndan kou deyò peyi a, tankou Malcom X te di l :
Nou pa bezwen pèsòn pou fikse okenn règ jwèt ak okenn règ batay ke nou pral ladan e mennen. Nou dwe etidye nati tout batay sa yo, nou dwe etidye enmi nou yo ke nou tout nou konnen, etidye sa kap jwe kont nou, drese yon plan batay e mete sou pye yon strateji.
Alò, se konsa na fini pa jwenn pou bon rezilta.
Ayiti an 1803 te pran responsabilite l kòm yon fòs liberatè fas ak fòs kolon yo ki pa janm aksepte e ki pap janm aksepte yon jou priz de konsyans ke paran nou yo te pran pou te sòtin nan esklavaj kòm premye pèp nwa lib ak endepandan sou latè.
Nou sòt analize pou nou e an pwofondè sitiyasyon konplèks peyi a pou nou ka konprann kòz defèt istorik nou.
Koulye a nou dwe rantre nan yon nouvèl peryòd kote aktè politik yo dwe tou nèf, yo dwe sòti nan twou yo ak nan kokiy yo, paske wout ki pou mennen nou tout bon vre nan bon jan refòm pou nou rejwenn ak reprann endepandans nou an ak souverente nou an li toujou
ouvè, menm si gen anpil obstak sou wout sa, tout bagay rete posib pou nou rive fwa sa.
Yon gwo travay rete pou fèt nan mitan jenès peyi a pou ke yo kapab konprann enterè ki genyen nan pran kontwòl grandèt avni yo ak sèvèl yo. Tankou Antenor Firmen te di : « Mwen fèt nan mitan yon ras moun ki konnen, ki kite anpil moniman ki rete pou letènite
ke a pati de plèn sa a bon jan dlo dous pral koule kou ladoudous, dlo kap sòti nan tèt sous tropikal li. Ke jenès sa pran responsabilite l kòm afriken e kòm kosmopolit.
Konpatriyòt mwen yo, aprè 219 van de batay pou n kenbe ak sovgade idantite nou atravè moso twal sa ki se drapo nou, sonje : « Aprè ke loraj destriktè a fini pase sou tout jaden nou yo, tout ouvriye dwe leve kanpe, pran zouti yo pou yal bati pou letènite.
Malgre kochma nap viv jounen jodi a :
« Yon Nouvèl Ayiti Ini posib avèk Konsyans, Volonte, Angajman ak Solidarite ».
Bòn fèt drapo ak Inivèsite a tout konpatriyòt Ayisyen.