Ayiti referandòm Nouvèl Konstitisyon.
Voltaire gen rezon diw :
"Le peuple c'est la canaille".
Pou yon pèp depi 1987 yon ekip notab politik lanvè fini ak vi yo ak avni yo nan deside pou yo e kont yo, jodia ak yon Nouvèl Konstitisyon ki reba yo tout dwa yo ak tout devwa yo, ki vin ekilibre pouvwa leta yo ak lavi miyò pou yo, ki vini sanksyone tout
sèvitè leta ak tizanmi nèg nan leta kap gaspiye ak vòlò byen leta.
Nan mond eklere sa nap viv la, kote nou gen teknoloji, nou gen plis konprann ak lespri pou nou esprime #Vwa nou nan yon referandòm pa #Wi ou pa #Non san vyolans, san kraze, san brize, san touye, san boule; pou nap kite menm ti ekip piyajè, atoufè, pyafè,
san fwa ni lwa nan sistèm peze souse sila kontinye ap manipile nou nan fè nou konprann pou nou pa dakò ak referandòm, pou nou boykote sak prevwa pou 25 jen an ki poutan se Dwa nou, se Devwa nou ak Pouvwa nou.
Reveye nou lepèp, kale je nou pou nal revandike Dwa nou 25 jen pa #Wi ou pa #Non. Si nou vle demokrasi ak chanje avni nou ak pitit nou, leve kanpe al vote nan referandòm 25 jen an. Depi kilè ti nèg kap peze souse nan pouvwa leta depi plis ke 35 kan te
gen pitye pou nou.
#AyitiReferandòm25Jen2021, Leve al #Vote.
https://twitter.com/EdwinDHAITI/status/1387666882963152902?s=1002