Not pou Laprès pati MOUHVHE mai 2021

1 view
Skip to first unread message

D'HAÏTI Edwin

unread,
May 14, 2021, 9:31:34 AM5/14/21
to Forum Culturel, grands...@yahoogroups.com, Grands Debats, grands...@googlegroups.com, debana...@yahoogroupes.com, haiti-...@googlegroups.com, Haïti Libre, National Center of Haitian Apostolate, Radio Kyskeya, Radio Xplosion, Radio Indépendance Fm, Radio Tête à Tête, Radio Haïti Internationale, Rezo Nodwes, Radio Scoop Fm, Caraibes FM Patrick MOUSSIGNAC, Métropole Haiti, Clarens RENOIS, Edwin D HAÏTI, haitian...@yahoogroups.com, Jean Mathurin, Rédaction Journal Lenouvelliste, Rédaction Journal Lematin, Roberson (Nouvelliste ALPHONSE, Le Nouvelliste, Haiti Press NetWork, Calvin (Liaison média Présidence et diaspora) CADET, Alter Presse, La Presse Haïtienne PRESSE.HT, Revue de Presse Haïti, Haïti Expresse News Presse, Sénateur Youri LATORTUE, Tout-Haiti, Tout-Haiti, ToutHaïti, Milouse DENIS, Radio Télé Boston, Guy (Télésud) REGISTE, Pierre Michel THEODAT, Bernier Lauredan Sr.

NÒT POU LAPRÈS

Réf :#0001.

Jounen jedi 13 me 2021.

Pati politik #MOUHVHE ki se Mouvman kap chache pyese kole Ayisyen kap viv an Ayiti tankou lòtbò dlo, (Mouvement Unifié des Haïtiens Vivant en Haïti et à l’Etranger) salye Laprès an jeneral ak pèp Ayisyen an patikilye e santi li toumante ak endinye jan lap gade kalamite peyi a ak moun ladanl kap degrengole ak depafini pi plis chak jou depi plizyè lanne, sa ki lakoz li pa mete dlo nan bouch li e chwazi pale jodia epi enplike l nan batay pou van chanjman global ki konsène tout peyi a tout pitit li yo alawonbadè.

Pati a ap kesyone kouraj rezinyasyon  nasyon Ayisyèn nan genyen pou l aksepte viv nan movèz kondisyon sa yo ak sipote depi dikdantan lenposib chak jou Bondye mete nan monte maswife ak lesyèl pa do devan move lavi, lavi chè, zak briganday, ensekirite, koripsyon, peyi lòk, kidnapin, movè dirijan, movèz jesyon lajan leta ak iresponsabilite gwo zouzoun, gwo ak ti otorite nan leta a.

Pati #MOUHVHE ap chache konpran rezon ki fè chita pale ant Ayisyen se ekzèsis ki pi difil nan istwa nou malgre deviz nou se « Linyon se Fòs Nou » . Pou ki rezon nou paka jwenn okenn solisyon dirab ak rezoud gwo kriz nan mitan sosyete a nan diferan kouch pwobèm kap gangrennen ak kankannen gwo jefò eksperyans demokratik nap fè depi 1986 la ki tounen yon veritab anachi popilè kote se rat kay kap manje pay kay, kote se chak koukouy kap klere pou pwòp jel, se kolòn ki bat, chak zòn gen yon jeneral e ke chak kan vle enpoze pwòp lwa moulong pa yo sou viv ansanm nan.

San nou pa bezwen ale pi lwen ni nan enimere tout zak briganday ak malonèt ki mennen nou nan twou san fon nou ye jodia, pati #MOUHVHE envite e ekzòte tout Ayisyen nan peyi a ak toupatou nan kelke swa kan yo ta kanpe, pou yo voye je gade peyi a, pou yo fè prèv patriyotis ak sivis, pou yo depase ego yo ak rankin yo, pou yo voye nan kanpe lwen tout klivaj yo ak chire pit gratis yo, pou nou chita ansanm pale e jwenn yon solisyon itil prese prese nan kriz feròs sila a kap boulvèse ak travèse tout zantray peyi ak enterè nasyon an.

Se pou sa nou rete akwoche ak sistèm demokratik la ki di se sèl popilasyon an ki gen dwa sakre pou l mete fanm ak nonm ke li kwè nan yo pou vini chèf nan peyi sa a menm lè pa eksperyans gen anpil nan chèf sa yo ki pase anba fil fè ak mafya ki toujou kenbe peyi a nan gòjèt, ki enpoze nou yo nan pran an otag dwa sakre nou an ki se bilten vòt nou.

Pati a kontinyè kwè nan chita pale ant tout kouch nan sosyete a pou rive dote peyi yon klima estab pou lavi reprann paske pa gen sakrifis ki twò gran pou jwenn yon solisyon pasifik ak pwospè nan enterè jeneral tout nasyon an.

Pou konsèy pati a :

Not pou Laprès pati MOUHVHE mai 2021.pdf
Reply all
Reply to author
Forward
0 new messages