"Dat map di sa! Jaden, Konbit, Lakou, Viv! = Tout Moun Jwenn!
"TOUT MOUN JWENN!"
How beautifully, simple and clear. Worth a thousand Western abstract ideologies with no life in them!
M tèlman kontan tande fanm lakay sa. "Tout moun jwenn! "
Manje lokal ki gen tout ji l, tout lèt li ladan se fòs nou.
Mawonnaj lan jaden nou se sèl espwa TiPèp sa. Kote nou tout ka jwenn. Se pwezi wi!
Lè nou retounen nan rasin nou. Nan mawonnaj sa ki se kilti konbit/lakou e jaden nou, ki se travay latè. Tout moun jwenn!
Se konsa nou ka VIV! Map di Ayisyen lakay pou retounen lan kilti sa lontan, lontan, lontan.
Pou yo kite "apartheid COREGROUP Port au Prince e kay vwazen rasis yo" an repo.
Se pa te janm plas Nèg e Nègès Ayiti ki vle sove lavi yo.