Google Groups no longer supports new Usenet posts or subscriptions. Historical content remains viewable.
Dismiss

Nan Peyi Dayiti 9/12/01 19-26

0 views
Skip to first unread message

Haiti Progrès

unread,
Sep 13, 2001, 11:56:16 PM9/13/01
to
"Nan peyi Dayiti" is a sample article from the Creole section of
HAITI PROGRES newsweekly. For information on how to receive the
complete edition with other news in French, Creole, and English,
please contact the paper at (tel) 718-434-8100, (fax)
718-434-5551 or e-mail at <edi...@haitiprogres.com>.
Also visit our website at <www.haitiprogres.com>.

Lang Ayisyen an pa tet kanna anko. Kreyol la monte tab, li pale
Loni, li nan afich tren, li sou anpil fom leta Ozetazini, lang
nan toupatou l ap make lepa. Ayiti Pwogre ap prezante zanmi lekte
sou Entenet yo "NAN PEYI DAYITI" kote y ap jwenn chak semen yon
atik sou peyi Dayiti.

HAITI PROGRES
"Le journal qui offre une alternative"

* NAN PEYI DAYITI *

12 - 18 Septam 2001
Volim 19, Nimewo 26

NOUVHL KOUT KREYRL

NRDWHS: ELIS YON AVYON TOUYE YON MOUN
Madi 4 septanm lan nan apre midi, Jean Walner Nicolas, kise moun
Kwadeboukh, mouri nan aviyasyon Podph a. Aksidan sa a rive pandan
viktim lan ki te sot Okap, te desann avyon an nan aviyasyon Prdph
a, epi elis avyon an pase pran tht li ak ponyht li ki koupe ra
zeprl. Apre konsta jij de ph Lonis Sainphar, responsab konpayi
avyon an, pran responsabilite kadav la pou yo te transprte l nan
yon mrg Prdph.

PLHN DI NR: PRT LAMERI FHMEN
Yon gwoup moun te fhmen prt lameri Plhn di Nr a, apre yon dezakr
ant manm kathl yo. Manm rganizasyon popilh sa yo ki kore 2
majistra adjwen yo akize premye majistra a de vrl. Yo menase
bloke wout nasyonal #1 an, pou frse responsab yo mennen yon ankht
sou jesyon administrasyon kominal la. Br kote pa l majistra
prensipal la, Leduc Mettelus voye jete akizasyon sa yo e li panse
ke yo ap manipile moun sa yo.

NR: LEVE KANPE KONT DIRIJAN DW@N YO
Sendikalis ladw`n Okap la yo fh yon leve kanpe kont dirijan yo,
poutht li pa ta kenbe pwomhs li te fh yo. Selon anplwaye sa yo
direkth a te pwomht yo yon avans 2 mwa sou salh yo, pou
preparasyon rantre lekrl la.

MONSEYH CONSTANT MANDE POU DISKISYON YO REPRANN
Prezidan konferans episkopal la, monseyh Hubert Constant, anvan l
pati pou ale nan Vatikan, mande pou diskisyon politik yo reprann
ant Fanmi Lavalas ak Konvhjans lan: +Depi 15 jiyh bagay yo kanpe,
negosiyasyon yo, e nou ta vle pou sa reprann pi vit posib;, te di
monseyh a.

ISC MANDE KOREKSYON
Inisyativ sosyete sivil (ISC) la mande, pa vwa Edouard Paultre,
pou Konvhjans demokratik la ak Fanmi Lavalas, pou yo ta reprann
+negosiyasyon; yo nan yon delh ki pa twr lwen. Paultre te tou
pwofite sou ki br li panche: +Fr nou rekonnht diskou sa a se yon
diskou ki esklizif. Se yon diskou ki pwrp a Fanmi Lavalas e nou
pa pakab fh demokrasi konsa. Pou konstwi demokrasi a, fr nou
chanje diskou, fr nou aksepte dyalrg la, krm prensip rezolisyon
fonfli.;

VIZIT PREZIDAN AN NAN INAGHEI
Ak plis pase yon karanthn pwofesh Enstiti nasyonal
administration, jesyon e ot etid enthnasyonal (INAGHEI), prezidan
Aristide te chita pale nan jou madi 3 septanm 2001 an, sou kriz k
ap phsiste nan fakilte a depi 4 mwa a. Prezidan an ki te akonpaye
ak chhf kabinh l dokth Jean-Claude Desgranges te di an prezans
dwayen an Roger Petit-Frhre, ke l swete kou yo reprann pita lendi
k ap 17 septanm k ap pwente la a. +M angaje m, m garanti kou yo
ap fht nan yon klima sekirite;, te souliye prezidan an.
Responsab fakilte sa a ap gen pou fini ak kou 2 zyhm semhs la, ki
te kanpe depi 11 me pase a, apre diskisyon ant etidyan, pwofesh e
manm dekana a. Kote tou dirijan INAGHEI yo ap gen pou relanse
enskripsyon pou ane 2001-2002 a.

SID: FORTUNI MANDE +PWOSH;
Ansyen depite 46zyhm lejislati a Gabriel Fortuni, ki te konnen fh
tht li pase pou antineyoliberal, e ki twouve li poutan aktyhlman
krm majr jon Konvhjans lan nan Sid peyi a, di regwoupman politik
li fh pati a pap rekile nan lit li pou ranvhse rejim Lavalas la.
Fortuni te di gen yon kanpay kont lavalas li ap koumanse ak tout
reprezantan nan Sid yo, samdi 8 septanm lan, +pou fh pwosh pouvwa
Lavalas pou tout tr li fh peyi a;. Pito Fortuni ta koumanse pa fh
pwosh tht li, paske li poko fin fh giwht, chak maten li chanje
br, jiskaske phsonn paka konnen nan kisa li kwh.

SENATH FEUILLI MANDE SANKSYON
Senath Fanmi Lavalas pou Sid la, Yvon Feuilli, mande pou prezidan
repiblik la pran sanksyon kont palmanth absanteyis yo, ki refize
prezante depi khk tan nan Sena a: +Prezidan peyi a kapab refere l
ak atik 136 kontitisyon an pou l tranche keksyon an antan ke
prezidan oubyen li gen dwa refere l a konstitisyon Fanmi Lavalas
pou antan ke reprezantan nasyonal rganizasyon an, li pran yon
seri sanksyon.;

KONTRA EDH AK YON KONPANYI JAPONH
Direkth jeneral EDH la Pierre Frangois Sildor ki te alatht yon
delegasyon, te al siyen madi 4 septanm lan yon kontra ak yon fim
enthnasyonal japonh. Kontra sa a ki a 150 milyon dola US ap
penmht kouran an pase pa Beladh/Laskawobas pou al Pelig. Sa ap
phmht selon direkth a, Prtoprens ka gen kouran 24 sou 24.
Creole1

FINISMAN DEZYHM SESYON PALMAN AN
Se lendi 10 septanm lan dezyhm sesyon rdinh palman ayisyen an te
fini. Pandan yon seyans asanble nasyonal prezidan asanble a
senath Yvon Neptune te felisite reyalizasyon 47tyhm lejislati a
malgre tout difikilte li wh peyi a t ap travhse.

ETAZINI: AYISYEN YO KONT MEZI RASIS BUSH LA
Divhs gwoup ayisyen k ap viv Etazini leve kanpe kont mezi rasis
gouvhnman Georges W. Bush la, ki ta deside bay estati rezidan a 3
milyon meksiken, kote lrt imigran lrt nasyonalite yo pa ladan.
Farah Juste ki se reprezantan Fanmi Lavalas nan Florid kalifye
mezi sa a krm diskiminatwa e te di: +Kominote ayisyen an patisipe
nan devlopman ekonomik Ezetazini menm jan ak meksiken yo. E
gouvhnman ameriken pa ka pase sou sa;, te di Farah Juste ki wh
ayisyen yo ka benefisye desizyon sa a tou. Farah Juste envite
tout imigran ayisyen Florid yo, pou yo patisipe nan manifestasyon
kont mezi diskriminatwa sa a. Yo te anvizaje rankontre divhs
phsonalite enprtan kouwh ansyen minis Lajistis meriken an, Janet
Reno ki moun Florid e ki sanse pral kandida pou prs gouvhnh Eta
sa a ane pwochenn. Divhs manifestasyon ap gen pou fht nan yon
seri vil Etazini.

DOMINIKANI:4 MILITH MASAK GUAYUBIN YO NAN KOU MASYAL
Selon yon nrt pou laprhs ki siyen pa krdonatris Gwoup apwi ak
rapatriye ayisyen yo (GARR), Colette Lespinasse, kou masyal
repiblik dominikhn tande 29 out la, 4 milith dominiken ki te mele
nan masak Guayubin an, ki te fht sou 6 ayisyen ak 1 dominiken nan
dat 18 jen 2000 la. Akize yo se majr Felison Lagranje Vargas, sou
lyetnan Juan Camacho, kapithn Bernaldo Nuris e premye lyetnan
Santiago Tolentino. Chaje afh ayisyen an nan Dominikani, Andri
Dortonne te la nan tribinal la ak 2 avoka: Antoine Paul Emile e
Roberto Antuan Josi. Yon lrt seyans ap gen pou fht 5 desanm k ap
vini an, kote yon moun ki te chape nan masak la, Michael Frangois
ap prezante e kamyon an ap ekspoze nan lakou a. Divhs rganizasyon
dwa moun espere, ke afh sa a ki lanse nan moman prezidan ayisyen
an Jean Bertrand Aristide pral vizite dominikani an, ka yon
veritab demagoji pou kalme moun. Anpil nan rganis dwa moun yo te
toujou mande pou milith yo te al jije devan yon tribinal sivil
olye jan sa fht la a ke yo ta al devan tribinal milith nan kou
masyal.
N ap raple nan fiziyad sa a te gen 6 ayisyen ki te mouri ak
chofh kamyon an ki se yon dominiken. Viktim ayisyen yo se: Nadhge
Doriema, Idofia Dorsima, Noupadi Fortilus, Germilor Louis,
Roselhne Thermius, e Yaqui Maximi.

MEZI KONT LEKRL KI PA OTORIZE YO
Nan yon kominike ministh edikasyon nasyonal ak ministh Lajistis
rele otorite jidisyh yo, pou pouswiv responsab lekrl ki pa
otorize yo. Plizyh direkth lekrl te reyaji kont mezi sa a.
Ministh Lajistis br kote pa l pa sou wout kite sa, li di l prht
pou akonpaye enspekth yo nan travay yo sou teren an, kidonk fh
respekte mezi sa. Yon atik 337, ke ministh Lajistis di l ap
aplike kont direkth fotif yo.

BELADH: DW@N LAN RETE FHMEN
Habitan yo te fhmen dw`n Beladh a poutht gouvhnman ayisyen pa
janm mennen ankht sou disparisyon khs enstitisyon sa a, ki te
rive pandan evhnman 28 jiyh yo, kote komin sa a te frape anba
kout zam tou. Te gen selon enfrmasyon, 102 mil 187 goud 35 santim
ki te phdi. Jiskaprezan dw`n lan bloke. Majistra komin lan mande
pou direksyon dw`n lan mete bouch nan dosye a, paske +Nou pap
janm ka aksepte pou taks pa rantre nan peyi a. Pou yon dw`n fhmen
poutht yon moun oubyen pou yon rezon. Mwen vin mande enstans
konshne a rantre anndan lojik sitiyasyon an epi, pou l vin chanje
eta sitiyasyon an;.

ANSAVO: YON MAJISTRA DENONSE LRT
Dezyhm majistra komin Ansavo a Presna Western denonse premye
majistra a, Jean Ricard Charles alyas Popo li di ki gaspiye 375
mil goud meri a. Majistra a ki di li deja ekri ministh enteryh e
mande lakou dhkont vin fh odit nan meri a, te rakonte: +Premye
minis lan te bay yon chhk 60 mil dola, minis Kilti a te bay 10
mil dola, plis sekreth deta Finans lan te bay 5 mil dola. Antou
nou te genyen 75 mil dola nan men nou, kidonk 375 mil goud, yon
br pou n te reyalize fht la e yon lrt pa pou n te krmanse plas
Sent Ann nan ki malerhzman gaspiye nan men majistra prensipal
la;.

GIMEL RELE KONT ETA INIVHSITE A
Gwoup inisyativ pou yon mouvman etidyan laj (GIMEL), nan yon nrt
ki pote dat 7 septanm lan konstate avhk touni evhnman yo ap pran,
nan dhnye jou sa yo, nan inivhsite a ki riske avili enstitisyon
an. GIMEL endiye fason responsab Inaghei e rektora a kite kriz la
ap pouri kont enterh etidyan yo ak sosyete a. Oganizasyon etidyan
an ki mande dekana etnoloji a pran responsabilite l, nan kriz
fakilte sa a, san pini etidyan yo denonse penyen lage rektora a
nan tray fakilte yo, ki ka phdi imaj tout inivhsite a. GIMEL fini
pou di, nan nrt sa ki siyen pa 4 responsab li, pou: +etidyan yo
rete vijilan pou lane akademik ki rive a, se yon ane espwa pou
inivhsite a e tou yon lane pou n rejte responsab anndan kou deyr
ki bloke bon mach inivhsite a.;
Creole2

ENSATALASYON NAN APN
Nan Gonayiv nan lendi 3 Septanm 2001 an, direkth jeneral APN nan
Willy Laroque ala tht yon delegasyon te al enstale 11 manm nan
APN sa yo. Se: sou direkth Peter Metayer, Gracia Joseph krm
Administrath, 2 pwenth, ak 7 sekirite. Seremoni an te fht nan
lokal APN an prezans divhs otorite, tankou delege Latibonit lan
Madan Kenaze Jean Baptiste St Pierre, Majistra Gonayiv yo, delege
vil, Oganizasyon popilh ak lrt phsonalite ofisyhl nan gouvhnman
Aristide\Cherestal la. Nan diskou nouvo Administrath APN lan, li
pwomht pou l travay an kolaborasyon avhk tout phsonhl la.

FESTIVAL KILTIRHL NAN GRANN RIVYH
Srti 26 pou rive 30 out 2001 an, Meri nan Grann Rivyh di Nr, biwo
debitasyon ak yon komite, te mete kanpe yon gwo Festival Kiltirhl
nan okazyon fht Ste Rose de Lima ki se sen patwon vil la. Nan
ouvhti Festival la prezidan komite a Wesly Deshommes, majistra
kominal la Dieudonni Martial ak depite sikonskripsyon an Nahum
Marcellus te pran la pawrl pou swete tout moun Grann Rivyh avhk
tout phleren byenveni. Depite a te tou pwofite pou l te mande php
Grann Rivyh a, sitou senath Martineau ki se moun zrn nan tou pou
fini ak zafh divizyon k ap wonje Grann Rivyh, men pou yo tout
kapab vin pote solidarite avhk li menm nan biwo depite a ak
lameri pou travay ansanm pou devlope kominote a. Aprh sa anpil
gwoup frlklorik, mizikal, teyatral, powht, chanth te phfrme,
tankou: Boukman Eksperyans, Banda Mix ki soti an Repiblik
Dominikhn, group Lakrl Mizik Magik, Sweet Konpa, Speed konpa,
Konpa di Nr, Planht Mizik avhk twoup Makaya, twoup Ayida, twoup
Dambala. Se konsa ke pou klotire Festival la te genyen yon mhs ki
te chante nan Legliz Katolik la an prezans yon ekip Ph ki te soti
divhs kote nan depatman Nr. Selebran prensipal la se te Ph Nerva,
nou te remake ke Ph Joseph Halmir te preche sou diyite moun sou
linite ak pou yon leve kanpe pou yon lrt batay pou n kapab genyen
yon peyi tout bon vre tankou zansht nou yo te goumen menm lh yo
pa te genyen gwo gwo zam. Apre mes la, lameri te genyen yon
resepsyon ke l te prepare pou gwo chabrak gouvhnman an ki te
prezan nan fht la nan maten 30 out la, tankou senath Yousseline
Bel, Martineau, delege Mirtho Julien avhk otorite lajistis nan
Grann Rivyh di Nr. Nou te remake absans senath Martineau nan
lameri a pou resepsyon sa a. Nou kapab di tou ke gouvhnman an te
inogire nan menm peryrd sa 2 pon ki ap deshvi zrn Grann Rivyh pou
fasilite rantre ak srti nan vil la. La kilti te jwenn bon jan
ankourajman nan zrn nan avhk gwo anbyans ki te mete kanpe nan
tout lari nan okazyon Festival sa a. Malgre tout anbyans sa yo,
ebyen te genyen khk sekth nan popilasyon an ki te kritike pouvwa
Lavalas lan avhk eli lokal yo pou konprtman yo fas a popilasyon
an, e nou kapab dekouvri ke php la pa pran nan bhl pawrl ni nan
bhl pwomhs e li toujou ap ajite pwoblhm li yo ki se chomaj,
lavichh avhk pwoblhm pou voye timoun lekrl.

OUVHTI LEKRL NAN OKAP
Ouvhti lekrl la te parht trh timid, jou 3 sektanm nan, nan
diferan lokalite nan depatman Nr a. Nan Okap an patikilye se khk
lekrl kongreganis shlman ki te louvri prt yo, men yo pat gade
elhv yo ki te prezante a pandan lontan nan matine a e yo te
ranvoye yo pou lrt semhn. Okenn lekrl piblik poko louvri prt.
Daprh paran ki bay opinyon yo la vi chak jou a deja yon maswife
pou yo, ale wh pou yo ta fh yon efr anplis pou lekrl, se pi gwo
tht chaje.

DEZYHM JOUNE SYANTIFIK DOKTH KIBEN YO NAN DEPATMAN NR
Samdi 25 out 2001 an dokth Kiben k ap travay nan Depatman Nr,
Nrdhs ak Latibonit te patisipe nan Othl Lakreyrl nan Okap nan
dezyhm jounen syantifik anba lobedyans biwo depatmantal Ministh
Sante Piblik nan Nr. Plizyh enfimyh, teknisyen laboratwa avhk
Dokth Kiben te pataje eksperyans avhk konesans yo sou maladi
popilasyon an ap konfwonte nan zrn kote yo ap travay. Daprh dokth
Mirtho Julien ki se responsab depatmantal Sante Piblik ak delege
Nr: rezilta rechhch sa yo ap alimante refleksyon responsab yo sou
planifikasyon pou pwochen ekzhsis k ap vini an nan kad pou
oryante travay plan daksyon ak resous ki genyen nan zrn nan. Kit
se sou maladi vye granmoun, sou maladi klase pa gwoup laj
elatriye, responsab yo ap fh plan pou bay suit a travay sa yo nan
sans pou amelyore sante popilasyon an nan Nr. Dokth Angel
Gutierrez ki responsab medsen Kiben yo deklare sou br pa l ke se
popilasyon an avhk otorite Ayisyen yo ki kapab temwaye travay y
ap reyalize nan peyi a. Yo menm, objektif yo se bay tout kout men
yo kapab nan sans pou amelyore sante popilasyon an.

YON PREZIME ZENGLENDO PHDI LAVI LI
Maten madi 11 septanm lan, moun nan Avni Poupla leve jwenn yon
jhn ki te konn evolye nan prs Machan, ke yo rekonnht sou non Ti
Guy ke yo asasinen. Popilasyon an akize Ti Guy sa a krm gwo
zenglendo ki te konn ap opere nan zrn lan. Li te tout pre 9 vh,
men kadav la ki te phse ak plizyh katouch te toujou ap benyen nan
san nan koridr Mira, sou Avni Poupla.

SID: KONVHJANS LAN PA RASANBLE MOUN
Branch Konvhjans demokratik Sid/Oka la te gen pou rganize yon
manifestasyon samdi 8 septanm lan nan Okay pou te kouri dhyh
pouvwa Lavalas la. Men zafh sa a pa t rive fht paske responsab
regwoupman sa a nan depatman an te di militan Fanmi Lavalas yo te
kanpe an kwa e Paul Denis te +sipoze; lapolis rejyon an pat bay
otorizasyon l. Men sanble ansyen depite Gabriel Fortuni ak Paul
Denis pat reyisi rasanble patizan pou espektak yo a.

GWO AKSIDAN NAN MRN KABRIT
Samdi 8 septanm 2001 an, yon gwo aksidan te rive nan Mrn Kabrit,
kote 22 moun mouri ak 10 lrt blese gravman grav. Aksidan sa a ki
te rive a 5kh nan maten sou wout nasyonal nimewo 3 a ta lakrz
divhs elhv lekrl ak lrt moun ki t ap rantre Prtoprens phdi lavi
yo. Chofh GMC Foward sa a Julius Mathurin ak travayh machin nan
mouri tou pami 22 mr yo. Nan espas 15 joun, 2 aksidan kamyon fht
nan mrn sa a, kote antou 32 moun phdi lavi yo, akoz eta wout la
ak yon prs kontwrl polis ki pa gen nan mrn lan pou kontwole
machin yo.

All articles copyrighted Haiti Progres, Inc. REPRINTS ENCOURAGED
Please credit Haiti Progres.

-30-

0 new messages