On vient de constater avec quelle vitesse on a pu mettre la loi sur le mariage homosexuel sur l’agenda du parlement, malgré la présence de la pléthore de problèmes plus critiques sur lesquels le parlement devrait plancher. On aurait souhaité que cette sollicitude pour le mariage homosexuel ses promoteurs qui vivent en majorité aux Etats Unis avec des moyens illimités l’auraient eue, avec le même souci de faire avancer les intérêts du pays dans des domaines plus urgents comme la santé, l’éducation, la science, la sécurité, le logement, la protection contre les catastrophes naturelles, et d’autres. Prioriser le mariage homosexuel sur ces problèmes est vraiment une insulte à l’intelligence et semble cacher des desseins inavouables. Les homosexuels ont certainement la liberté de pratiquer ce style de vie sans qu’on soit obligé de nous parachuter un mariage homosexuel avec lequel la société n’est ni familière ni, de ce fait, ne considère comme une urgence.
Nan yon peyi chèf ka rale yon moun epi bat li san moun lan pap jwenn okenn jistis, chèf ka vin frape machin ou epi l bat ou met sou li ; nan yon peyi ou ka fin achte yon tè epi menm moun ki vann ou tè sa a ka rale l li vann li sou ou e si w pa gen lajan pou w peye yon jij menm pwent pye w ou p ap ka mete sou tè sa a e menm lè ou t a fin peye jij la ou pa gen okenn garanti w ap jwenn kòb tè ou a ; nan yon peyi lè yon moun lwe yon kay nan men w, moun sa a ka ranje kò l pou l fè nenpòt yon lane ap jwi kay ou a san l pa peye e ou pa ka mete l deyò ; nan yon peyi kote lwa yo se pou malere sèlman yo fèt, gran nèg fè sa yo vle ; nan yon peyi nèg ap bat fanm tout lajounen epi si fanm sa a pa gen moun pa, li p ap jwenn jistis li ; nan yon peyi kote gran nèg gen monopòl pou yo fè mache nwa pou yo deplimen konsomatè a jan yo vle ; nan yon peyi kote avoka malonèt, notè koken, ak jij toulanmach mete tèt ansanm pou kale tèt malere yo ; nan yon peyi kote ou pa genyen menm yon kilomèt otowout nòmal ; nan yon peyi medsen ki travay nan leta touche pi piti pase salè minimòm nan yon seri gran peyi e yo konn fè senk si mwa yo pa touche, pwofesè lekòl leta yo se pi mal ; nan yon peyi majorite enstitisyon yo ap pote sou branka e yo prèske fè vwèl pou peyi san chapo ; nan yon peyi prèske pa gen lwa ki aplike ; vye granmoun pa pwoteje, timoun pa pwoteje, fanm pa pwoteje, malere pa pwoteje ; preske tout lwa ta dwe manyen pou yo ka aplike egalego pou tout sitwayen ; kote yon dividal lòt lwa t a dwe ekri e vote pou sosyete a ka mache pi byen,; se nan peyi sa a yon lwa sou maryaj omoseksyèl jwenn mwayen non sèlman li ekri men palman gentan vote sou li.
Kesyon ki dwe poze se kijan lwa sa a fè gentan rive nan ajanda palman rapid konsa. Eske dapre tout pwoblèm peyi sa a genyen se lwa sa a palman ta dwe gentan ap depanse yon pil enèji pou l vote. Kimoun ki gen ase enfliyans pou l fòse palman pou l ekri lwa sa a jouk li gentan vote sou li. Eske maryaj omoseksyèl se yon bagay sosyete ap mande jouk tan pou palman gentan tabli sou li konsa ? Eske omoseksyèl nan peyi a ap mande sa vre ? Li pa fè okenn dout lwa sou maryaj omoseksyèl ki pase Ozetazini gen gwo enfliyans sou lwa maryaj omoseksyèl ki fèk vote e rejte ann Ayiti a. Li klè tou anpil moun ozetazini ki gen gwo kòb e ki favorize mòd maryaj sa yo depanse kòb pou lwa sa a ta vote ann Ayiti tou. Li pa yon sekrè pou pyès moun se te yonn nan gwo ajanda Obama ki pa t janm mete pye l ann Ayiti, ajanda l te genyen pou Ayiti ak peyi Lafrik yo jouk tan gen kèk lidè afriken ki te blije di misye atansyon ou pa ka fòse nou adopte yon lwa sosyete a pa pare pou l viv avè l. Se kategori moun sa yo ki gen gwo enterè pou lwa sa a ta vote prese prese. Se yo menm tou ki lakòz palman an leve kanpe e rejte l.
Kesyon ki ta dwe poze se sousi moun sa yo genyen an pou omoseksyèl yo eske yo genyen l pou Ayiti an jeneral ? Eske yo gen menm sousi sa a pou lasyyans ta gaye nan tout rakwen peyi a, pou popilasyon ta genyen tout lòt dwa si l pa ta genyen yo l ap toujou kokobe; eske moun sa yo deplwaye menm enèji sa yo pou yo asire yo dwa yon timoun genyen pou l manje, pou l jwenn lanmou, pou l al lekòl, pou l kouche nan yon kabann nòmal, pou l biye, gen yon soulye nan pye l, dwa sa yo vote e aplike tou. Pouki moun sa yo bay maryaj omoseksyèl la priyorite alòske gen mil lòt pwoblèm ki pi ijan yo pa okipe yo. Moun k ap swiv peyi Etazini abitye ak fason sa a, kote moun ki gen gwo kòb konn pouse kèk lwa ki enterese yo, fè palman vote yo ba yo e ba yo gwo avantaj ki pafwa konn pa gen sans. Pa ekzanp te gen yon lè moun ki te nan biznis dilatasyon te tèlman gen pouvwa yo te fè palman vote yon lwa kote si pitit ou ki minè ta rive ansent, depi l t a di pwofesè lekòl li li bezwen fè dilatasyon pwofesè lekòl la ka mennen l al fè l san l pa bezwen konsantman w ni di w sa. Nan menm lekòl sa a si menm timoun sa a t a gen yon maltèt, pou yo t a ba l yon aspirin fòk yo jwenn pèmisyon w. Se prèske menm bagay la k ap pase la a ak kesyon lwa maryaj omoseksyèl la nan peyi a.
Lè pou yo manniganse pou yo mete moun pa yo sou pouvwa yo bliye tout lwa peyi a genyen men vwala se yo menm k ap pouse w pou w vote yon lwa maryaj omoseksyèl bridsoukou. Eske se pa t a plis divizyon yo bezwen mete nan peyi a kifè yo mande pou lwa sa a pase vit konsa ? Pou valè pwoblèm peyi sa a genyen eske kounye a se pou sa sosyete a ta dwe ap goumen ?
Nou pa defann moun ki gen tandans omoseksyèl yo asosye yo ansanm. Nou pa kwè se omoseksyalite ki fè kalamite tonbe sou Ayiti. Nou kwè gen moun ki fèt e ki atire sou moun menm sèks avèk li e pa gen moun ki ka di yo pa konn wè sa kay kèk timoun depi yo piti. Nan peyi Dominikani gen kèk timoun ki fèt ti fi se jouk lè yo fòme yo vin devlope maskilinite yo e menm gen ògàn seksyèl gason. Kidonk nou gen senpati pou moun sa yo. Menm moun ki moun legliz ki gen konviksyon lavi omoseksyèl la pa nòmal selon kwayans yo ta dwe dakò tandans sa a li konn natirèl kay kèk timoun. Moun relijye yo pa t a dwe enpoze konviksyon sou lòt moun ki pa nan menm pati avè yo. Yon lwa ki t a defann moun fè omoseksyèl yo mal, defann moun abize yo t a gen plis sans. Men menm lwa sa a fòk li t a byen ekri san l pa t a parèt tankou se ankouraje l ap ankouraje moun pou yo antre nan estil lavi sa a. Nou konnen tou anpil moun ki mennen mòd vi sa a t a renmen pou l pwopaje e fè anpil jefò pou l pwopaje.
Ayiti poko prèt pou pare pou maryaj omoseksyèl. Yon moun ki vin pouse l sou sosyete sa a se plis tò w ap fè l e menm moun sa yo ou di w ap defann lan. Lè yon moun chita Washington oswa New York, oswa Miami, si w pa byen reflechi se chak ane w ap depanse makout lajan fè kap vin pote bay timoun Ayiti monte paske w di fòk timoun yo gen yon ti detant, fòk yo monte yon ti kap, alòske timoun sa yo se manje, se rad, se lekòl yo bezwen. Eske sa gen sans pou Etazini ta fè Ayiti kado materyèl pou l fè bonm atomik alòske pa menm gen yon syantis nan peyi a ki ka travay sou sa ni okenn laboratwa pou w t a etidye sa ?
Priyorite peyi Ayiti se rezoud pwoblèm grav li genyen yo, se mete wout, mete limyè, mete bon lekòl, fè lasyans gaye, bay sekirite pou Ayisyen ki deyò yo ka rantre vin ede devlope peyi a, se bay tout moun manje, se retire moun nan dènye klas pòv la, rekonsilye sosyete a ak tèt li, e pote solisyon ak yon seri pwoblèm ki la depi peyi sa a fèt. Lè pou marayj omoseksyèl diskite nan sosyete a se sosyete ayisyen an limenm k ap diskite l san l pa resevwa dikta nan men kwakseswa.
MAPL