JODIA SE 12 JEN SA FE SENK MWA DEPI KE WANEL FILS,
MAGALIE MARCELINMICHA AK 300.000 MOURI - DIRIJAN
AVEK MEPRI BLIYE SAK MOURI YO TANKOU SA KI VIVAN TO
Neg yo bliye moun ki mouri 12 Janvye yo tankou moun ki vivan yo. Neg yo ap gade bon boul sou televizyon
Nan ke pep la pa genyen foutbol, se grangou. Pep la pran gol chak jou amba lapli, nan soley, na pak kochon
Se avek ampil lapenn ma gade ke dirijan yo chita nan fet foutbol aloske yo konnen ke apre bal tambou lou.
Iresponsab yo bliye ke plis pase 2.1 milyon moun nan lari. Moun yo chita tankou bet nan 1350 kan danjere.
Mesye yo pran poz ke yo pa komprann ke genyen 20 siklonn ki menase pep la
Siklonn ane sa a pral pi brital ke tout lot siklonn kite pase anvan, poukisa yo pa prepare pousa?
Poukisa yo pa planifye pousa? Poukisa mechancete sa? Poukisa yo chitan nan foutbol?
Mwen triste ampil leu mwen gade maleu pandye sa. Sa femwen ampil lapenn leu mwen konstate
kijan moun ka mouri paske dirijan ap jwui olieu yo travay.
Jodia se 12 Jen sa fe senk mwa. Nan senk mwa kisa ti Rene regle pou pep la? Kisa ki fet pou pep la an senk mwa?
Apre senk mwa kote kob la? Kote aide yo? Kiles kap retire pep la kote li ye a? Kiles kap goumen pou pep la?
Mezanmi kote nou? eske bagay yo kapab kontinye konsa? Eske peyi a pa dwe pran yon lot drieksyon?